Bouton "MWEN BEZWEN ÈD" la disponib si w bezwen èd avèk pwosesis akèy la nan nenpòt etap. Lè ou klike sou bouton sa a li pral louvri yon tikè sipò kliyan, epi yon moun nan ekip la pral kontakte w pou ba w asistans.
Pou soumèt yon tikè, nap bezwen pou w bay enfòmasyon sila yo:
- Nimewo Idantifikasyon (ID) manm/abone w la (ou ka jwenn nimewo sa a sou kat asirans ou a.) Si ou pa gen aksè pou jwenn nimewo Idantifikasyon (ID) manm/abone w la, tanpri kontakte konpayi asirans ou an dirèkteman pou yo ka ba ou li)
- Non w
- Adrès imèl ou
- Kilès moun ki envite w pou anrejistre nan aplikasyon an (konpayi asirans ou, lopital ou, oswa lòt moun)
- Dat nesans ou
- Nimewo telefòn ou
Dèke ou fin ranpli tout enfòmasyon sa yo, ou pral klike sou 'kontinye' nan kwen anlè adwat la (ki souliyen an wouj la).
REMAK: Anvan ou soumèt tikè w la, ou dwe konsanti pou pataje enfòmasyon w yo avèk nou lè ou klike sou "Aksepte" ki nan kwen anlè adwat ekran w lan (ki souliyen an wouj la). Lè ou tape sou dakò sa pral soumèt tikè a bannou, epi nou pral kontakte w dirèkteman.