Si w enskri nan yon pwogram swen ki mande w rantre dènye lekti tansyon pi resan w lan nan yon kesyonè, widjèt tansyon an nan onglè Mwen an pral ede w vizyalize ak kontwole yo. Widjèt sa a kapab elaji pou ba w plis detay ak fonksyon ki gen rapò ak lekti tansyon w yo.
Nan yon koudèy, onglè Mwen an pral afiche yon grafik 7 dènye jou pi resan ke ou te rantre lekti tansyon w yo (dat ki pa gen enfòmasyon yo pap afiche). Yon echèl pou chif lekti yo agoch (aks Y), epi dat ou te pran lekti yo anba a (aks X).
Yon koudèy sou widjèt tansyon an
Elaji Widjèt Tansyon an
Pou yon prezantasyon vizyèl ki pi detaye:
- Tape flèch ki bay sou devan an ki adwat anwo widjèt la. Sa pral louvri yon onglè ekran konplè ki dedye inikman pou istorik tansyon w.
- Ou kapab tape sou flèch ki bay sou dèyè a ki anwo adwat ekran an, pou w soti tounen nan onglè Mwen an nenpòt lè.
Lè ou elaji widjèt tansyon an, sa pèmèt ou:
- Agrandi grafik la pou w gen yon ekran konplè pou w ka wè l pi byen
- Defile annaryè ak annavan nan grafik la pami entèval dat ou te soumèt enfòmasyon lekti tansyon pou yo a.
- Navige yon lis konplè chak lekti tansyon w te rantre
- Teledechaje ak/oswa pataje lis sa a pou lekti yo (pou itilizasyon pèsonèl ou, oubyen pou w pataje li ak yon ekip swen oswa moun kap bay swen)
REMAK: Ou pa kapab wè okenn enfòmasyon lekti ke w te rantre anvan dat piblikasyon fonksyon sa a (27 jiyè 2023), e w pa kapab ajoute okenn enfòmasyon lekti ki manke, ni w pa kapab modifye okenn enfòmasyon lekti aktyèl.
Si ou pa enskri nan yon pwogram tansyon ankò, wap toujou kapab wè ansyen done w yo nan widjèt la nenpòt lè.
Ekran widjèt Tansyon ki elaji:
Pou w agrandi grafik la pou w gen yon ekran konplè:
- Tape sou ikòn "agrandi" a (ti kaz ki gen 2 flèch kap pwente nan direksyon opoze yo) nan pati anwo adwat widjèt la.
- Sa pral etale grafik la sou ekran konplè aparèy ou a (wap oblije vire aparèy ou a nan sans orizontal pou w ka byen wè li).
- Pou w soti sou prezantasyon vizyèl sa a epi retounen sou widjèt tansyon an, tape sou flèch ki bay sou dèyè a ki nan pati anwo agoch ekran an.
Agrandi ikòn grafik la
Defile annaryè ak annavan nan diferan peryòd dat nan grafik Tansyon an:
- Nan seksyon pou seleksyone dat la nan sant anwo grafik la, tape sou flèch ki bay sou dèyè oubyen sou devan an sou nenpòt bò pou w gade lekti pou nenpòt peryòd dat ou rantre jiskaprezan.
Vizyèl grafik yo ap chanje pou reflete lekti pou peryòd dat sa yo. - Pou w retounen sou dènye lekti grafik la yo, tape sou flèch ki bay sou devan an ki akote peryòd dat la jouk ou pa kapab avanse ankò.
Bouton defile pou dat yo
Pou w navige lis tout done ou rantre pou lekti tansyon w yo:
- Tape sou ekran w nan sou nenpòt done lekti ki liste anba grafik la, epi glise dwèt ou sou anwo oubyen sou anba pou w defile sou lis la. Lis la afiche nan lòd done pi resan an (anlè) a pi ansyen an (anba).
- Pou w retounen anwo lis la, glise dwèt ou desann sou ekran an jouk ou rive sou dènye done a.
Lis done pou lekti tansyon
Pou w teledechaje ak/oswa pataje done sou tansyon an apatide aplikasyon an:
- Tape sou bouton "Pataje" a nan mitan adwat ekran an
- Lè sa a aparèy ou a pral prezante opsyon kote ou kapab teledechaje ak/oswa pataje done (tankou sovgade nan fichye aparèy ou a oubyen pataje atravè imèl ou, elatriye).
REMAK: Opsyon yo prezante yo pral depann sou konfigirasyon aparèy ou a, e se pa Wellframe ki kontwole yo - Dèke w chwazi yon opsyon, aplikasyon an kreye yon fichye CSV ak tout done sou tansyon ou rantre yo. Lap sovgade ak/oswa pataje nan opsyon w chwazi a.
Bouton pataje a pou teledechaje/pataje (agoch), epi egzanp opsyon teledechaje/pataje yo (toudepann aparèy la - adwat)