Èske w ta pi pito machasuiv pou Android yo? Ale sou atik sa a.
Aplikasyon mobil Wellframe nan konekte detektè pa yo avèk Apple Health. Sa vle di mont pou fitnès (aktivite fizik) yo avèk aplikasyon ki senkwonize done detektè pa yo nan Apple Health yo, pral afiche pa ke yap konte yo tou nan Wellframe. Menmsi ou pa gen yon mont fitnès ki konekte ak Apple Health, aplikasyon an pral anrejistre tout pa w fè pou jounen an otomatikman (depi w genyen telefòn entelijan w nan sou ou!).
Lè w atenn objektif pa w yo, ou pral resevwa yon notifikasyon e yap mete tach la nan seksyon "Konplete" a sou Lis Verifikasyon toulèjou w la. TANPRI NOTE: Ka gen yon laps nan tan ant tan w atenn objektif ou a ak tan l pran pou w resevwa notifikasyon an! Anplisdesa, ou pa dwe remake okenn chanjman nan vi batri telefòn ou a lè w aktive detektè a.
Sak pi enpòtan toujou:
- Wap bezwen yon iPhone ki itilize iOS 9 oswa pi resan.
- Senkwonizasyon avèk Apple Health ap fonksyone sou iPhone 5 yo e l pa konpatib avèk iPad la. Ale sou atik sa a pou plis enfòmasyon sou kijan pou w aktyalize lojisyèl la sou telefòn entelijan w nan.
- Si w pa gen yon aparèy ki konpatib, pa enkyete w! Wap kapab detekte pa w yo manyèlman menm jan ak anvan, lè w klike sou "Demare" pou w kòmanse anrejistre pwogrè w, epi "Sispann" lè w fin fè egzèsis.
- Wap gen pou w aksepte nouvo pèmisyon yo nan Aplikasyon Apple Health la pou w kòmanse detekte.
Kijan pou w aksepte pèmisyon yo nan Apple Health
Li fasil e l rapid pou w konfigire fonksyon sa a! Lè w louvri Wellframe pou premye fwa, yo pral mande w otomatikman pou w konekte Wellframe ak Apple Health. Annik chwazi tach aktivite fizik la sou lis verifikasyon w nan:
Lè yo mande w, tape sou “Konekte Kounye a” e sa pral mennen w sou paramèt pou Apple Health ou a kote w kapab altène sou "Pa yo" epi apresa tape sou "Pèmèt" (nan pati anwo adwat la).
Si w pa bay pèmisyon pou senkwonize avèk Apple Health, ou pral kapab detekte pa w yo manyèlman lè w prese "Kòmanse Detekte" nan tach Aktivite Fizik ou yo. Alavni, si w vle otorize Wellframe pou l senkwonize avèk Apple Health, ou kapab fè sa lè w ale sou Meni pou Paramèt Apple ou a > Sante > Aksè a Done & Aparèy yo > Wellframe > altène sou Pa yo.
Si w genyen nenpòt kesyon sou kijan pou w konfigire nouvo fonksyon sa a sou telefòn ou oubyen si w gen difikilte pou w suiv etap sa yo, tanpri fè n konn sa! Voye yon imèl pou nou nan help@wellframe.com, e sa ap yon plezi pou n ede w demare ak pran sa anmen!