Wellframe konsevwa pou l voye notifikasyon sou telefòn mobil ou pou w ka suiv pwogram swen w nan. Yo ka se alèt sou rapèl pou medikaman w yo, mesaj ekip swen w lan voye, oubyen lòt mizajou. Nou ankouraje w louvri aplikasyon Wellframe nan chak jou pou w anrejistre pwogrè w e pou w konplete tach ou yo. Kidonk, nou rekòmande w pou w pa dezaktive sa yo.
Notifikasyon sa yo pap JANM genyen enfòmasyon pèsonèl sou sante w —se rapèl sèlman yap ye sou yon bagay nan Wellframe ki bezwen atansyon w.
Pou w aktive notifikasyon w yo si w te dezaktive yo:
iPhone
- Louvri Paramèt iPhone yo
- Defile desann pou rive nan Wellframe epi louvri li
- Tape sou Notifikasyon
- Aktive "Pèmèt Notifikasyon" pou touch la vin vèt.
Al vizite atik sa a pou plis enfòmasyon sou paramèt notifikasyon nan iPhone yo.
Android
- Louvri Lansè pou Aplikasyon an
- Ale nan Paramèt
- Ale nan Aplikasyon
- Defile desann pou rive nan Wellframe epi louvri li
- Fè ansòt touch pou notifikasyon an sou AKTIVE
Al gade atik sa a pou plis enfòmasyon sou paramèt notifikasyon nan Android yo.