Nou kreye aplikasyon nou an pou l voye notifikasyon sou telefòn mobil ou pou w kapab kontinye suiv pwogram swen w nan. Yo ka se alèt sou rapèl pou medikaman w yo, mesaj ekip swen w lan voye, objektif pou pa yo oswa lòt mizajou.
Wap resevwa notifikasyon yo nan lang ou chwazi nan paramèt telefòn ou yo, epitou notifikasyon yo pap JANM genyen enfòmasyon pèsonèl sou sante w —se rapèl sèlman yap ye kap fè w konnen gen yon bagay nan aplikasyon an ou dwe fè swivi sou li.
Nou ankouraje w louvri aplikasyon an chak jou pou anrejistre pwogrè w epi pou konplete tach ou yo. Kidonk, nou rekòmande w pou w pa dezaktive notifikasyon yo.
Pou jere notifikasyon yo nan telefòn ou:
iPhone
- Louvri Paramèt iPhone yo
- Dewoule desann epi tape sou aplikasyon an
- Tape sou Notifikasyon
- Chanje reglaj la pou mete l sou "Pèmèt Notifikasyon" (Allow Notifications) defason pou fonksyon pou chanjman reglaj la vin vèt, oswa Dezaktive fonksyon an si ou PA vle aplikasyon an voye notifikasyon pou ou.
Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou paramèt notifikasyon iPhone yo.
Android
- Louvri Lansè Aplikasyon an
- Ale sou Paramèt
- Ale nan Aplikasyon
- Dewoule desann epi tap sou aplikasyon an
- Chanje reglaj la pou mete l sou "Pèmèt Notifikasyon" (Allow Notifications) defason pou fonksyon pou chanjman reglaj la vin vèt, oswa Dezaktive fonksyon an si ou PA vle aplikasyon an voye notifikasyon pou ou.
Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou paramèt notifikasyon Android yo.
Notifikasyon Espesifik pou Aplikasyon
Pou modifye notifikasyon espesifik pou aplikasyon w lan:
- Ale nan afichaj Lis Verifikasyon w lan sou aplikasyon an
- Tape sou bouton anjen an nan kwen anwo adwat la pou w jwenn aksè a paramèt yo
- Apresa dewoule desann epi tape sou "Paramèt Notifikasyon" (Notification Settings).
Lè w la ou kapab modifye paramèt notifikasyon sa yo:
- Rapèl pou Lis Verifikasyon - modifye kadans lan, oswa dezaktive notifikasyon pou Lis Verifikasyon (Chak Jou, Chak Semèn oswa Etenn) ki sou ekran akèy telefòn ou an.
-
Rapèl pou Dat pou Sante - Opsyon sa a pral parèt sèlman si wap patisipe nan yon pwogram apwopriye ki depann sou dat. Reglaj sa a pral rete AKTIVE pa defo.
NOTE BYEN: Notifikasyon sa a pral ale sou telefòn ou an a midi (12è pm), lè lokal, toudepannde reglaj ki pwograme pou lè a nan aparèy ou a.
Objektif pou Pa ke ou Atenn - Ou kapab aktive oswa dezaktive opsyon pou resevwa yon notifikasyon sou telefòn ou si w atenn objektif pou pa w la pou jounen an.