Nou ankouraje w pou w louvri aplikasyon Wellframe nan chak jou pou w anrejistre pwogrè w e pou w konplete tach ou yo. Kidonk, nou rekòmande w pou w pa dezaktive notifikasyon yo. Sepandan, si w ta renmen dezaktive tout notifikasyon Wellframe yo, se pou w suiv etap sa yo:
iPhone
- Louvri Paramèt iPhone yo
- Defile desann rive nan Wellframe epi louvri li
- Tape sou Notifikasyon
- Dezaktife "Pèmèt Notifikasyon" pou touch la vin gri.
Al gade atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou paramèt notifikasyon pou iPhone yo.
Android
- Louvri Paramèt
- Ale nan Aplikasyon
- Defile desann rive nan Wellframe epi louvri li
- Tape sou Notifikasyon
- Asire w tout touch pou notifikasyon yo DEZAKTIVE
Al gade atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou paramèt notifikasyon pou Android yo.
Si w ta renmen dezaktive notifikasyon pou sèten aktivite nan Wellframe sèlman (tankou pedomèt la), al gade atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w modifye paramèt nan aplikasyon an.