Wellframe se yon platfòm ki pèmèt ou konekte ak yon manm ekip swen w lan nenpòt lè e ki pèmèt ekip swen w lan suiv pwogrè w pou yo ka pi byen pèsonalize plan swen w lan. Lè w konplete tach yo nan Lis Verifikasyon toulejou nou an, tankou kesyonè, atik edikatif, ak rapèl pou medikaman, ekip swen w lan kapab aprann konnen w pi byen pou l ka pi byen pèsonalize plan swen w lan pou bezwen w yo.
Pou w kontakte yon manm ekip swen w lan nenpòt lè, itilize onglè "Tchat" la nan aplikasyon an. La a ou ka poze ekip swen w lan kesyon sou pwogram swen w lan, medikaman yo, oubyen ou ka poze lòt kesyon sou sante. Tanpri note ke ekip swen w lan ka pa reponn ou tousuit. Si w bezwen pale ak yon doktè oubyen nan yon ka dijans, rele 911. Ou pa dwe itilize Wellframe nan ka dijans.
Si w ta pito pale ak responsab swen w lan nan telefòn, annik voye yon mesaj pou responsab swen w lan nan onglè Tchat la pou w fè l konnen w ta renmen pwograme yon apèl telefonik!
Kimoun ki nan Ekip Swen Mwen?
Ekip swen w lan se moun oubyen gwoup moun sou lòt bò Aplikasyon Wellframe nan kap ede w avèk sante w. Moun sa a kapab se yon enfimyè, yon responsab ka, yon travayè sosyal, yon kòlèg kominotè, oubyen yon lòt travayè sante. Ekip swen w lan la pou l suiv pwogrè w, pou l voye mesaj pou ou ak mizajou, epi pou l reponn lè w gen kesyon.
Reprezantan Sante nan Wellframe
Avèk Wellframe, ou ka gen aksè ak yon Reprezantan Sante (ke yo rele yon Reprezantan tou). Reprezantan sante w lan travay avèk ou e ak responsab swen w lan pou ankouraje yon mòdvi ki an sante. Reprezantan sante w la se pa yon doktè ni yon enfimyè, men li gen fòmasyon pou l ede w avèk nenpòt kesyon ki pa medikal oubyen ak objektif yo etan wap travay pou w jere epi amelyore sante w.
Espesyalis Sipò nan Wellframe
Avèk Wellframe, ou ka jwenn aksè a yon Espesyalis Sipò. Espesyalis sipò w la la pou l ede w avèk nenpòt sipò teknik oubyen oryantasyon ou ka bezwen etan wap itilize aplikasyon Wellframe nan. Espesyalis sipò w la disponib nan telefòn oubyen atravè mesaj.