Genyen detwa fason pou chanje paramèt pou volim sou telefòn ou oubyen sou tablèt ou.
- Itilize glisyè pou volim nan sou ekran an pou w monte oubyen desann volim pou videyo a. Wap wè li anba videyo a. Glise ikòn nan adwat pou w fè l pi wo.
- Pou w tcheke pou w wè si volim ou a monte itilize kontwòl pou monte / desann yo ki akote nan telefòn ou oubyen nan tablèt ou.
- Sou iPhone ak iPad, fè ansòt switch anlè kontwòl pou volim lan nan pozisyon "monte" a. Pozisyon "desann" nan / pozisyon wouj la kapab etenn son an, toudepann paramèt ou yo.
- Sou iPad, fè ansòt ikòn Klòch la nan Sant Kontwòl la DEZAKTIVE (gri fonse). Pou w ale nan meni sa a, glise monte soti anba ekran an. Si ikòn Klòch lan blan, tape sou li pou w DEZAKTIVE l.