Si w ta renmen modifye tip aktivite Wellframe ou resevwa notifikasyon pou yo, ou kapab modifye paramèt notifikasyon yo andedan aplikasyon Wellframe nan.
- Ale sou afich Lis Verifikasyon w nan,
- Tape sou bouton anjen an nan kwen anwo adwat la pou w jwenn aksè a paramèt yo,
- Apresa defile desann rive nan seksyon "Notifikasyon" yo oswa tape sou "Paramèt Notifikasyon" an.
La a ou kapab modifye paramèt notifikasyon an pou twa tip aktivite Wellframe:
- Notifikasyon pou Medikaman,
- Notifikasyon pou Rapèl,
- Notifikasyon pou Podomèt oswa Aktivite Fizik.
Pou chak nan aktivite sa yo, ou kapab chanje paramèt notifikasyon an pou:
- Etenn oswa Non - pa resevwa okenn notifikasyon pou aktivite sa a
- Silansye - retire son pou yon notifikasyon dirèk
- Limen oswa Wi - resevwa tout notifikasyon pou aktivite sa a
Paramèt notifikasyon Wellframe pou iPhone
Paramèt notifikasyon Wellframe pou Android