Pou aktive Detektè Pa Otomatik la sou aparèy Android ou a, se pou w aktive pèmisyon yo nan ni Wellframe ni Google Fit, epi asire ke wap itilize menm kont Google la pou toude. Men kèk etap pou depanaj pou w swiv si sistèm nan pa detekte pa w yo nan Wellframe:
Premyèman, konfime detektè otomatik la aktive nan Wellframe:
- Louvri Wellframe e asire w ou wè Lis Verifikasyon w nan
- Nan kwen anwo adwat la, tape sou ikòn anjen an pou w louvri Paramèt yo
- Asire ke "Detektè Pa Otomatik" la aktive sou pozisyon LIMEN an (li pral parèt an ble).
Apresa, konfime detektè otomatik la aktive nan Google Fit:
- Ouvri aplikasyon Google Fit la epi tape sou ikòn moun nan ki nan kwen anba adwat la ki make "Pwofil"
- Seleksyone ikòn anjen an ki nan kwen anlè adwat la, kounye a ou ta dwe wè "Paramèt" yo nan pati anlè paj la
- Defile desann pou rive nan seksyon "Preferans pou Deteksyon yo"
- Anba seksyon sa a, tcheke pou asire "Detekte aktivite w yo" limen. Si li etenn, tape sou seksyon sa a pou limen li.
Finalman, se pou nou verifye ke Wellframe ak Google Fit konekte atravè menm Kont Google la:
- Ouvri aplikasyon Google Fit la sou Android ou a.
- Tape sou ikòn moun nan ki nan kwen anba adwat la ki make "Pwofil" epi seleksyone ikòn anjen an ki nan kwen anlè adwat la, ou ta dwe wè "Paramèt" yo nan pati anlè paj la.
- Defile desann rive nan seksyon ki rele "Done Google Fit" la.
- Tape sou "Jere Aplikasyon ki Konekte yo".
- Ou ta dwe wè kont Google ou a nan pati anlè ekran an. Tape sou flèch ki dirije sou anba a pou wè lòt kont Google yo. Chanje kont ou te seleksyone a pandan pwosesis pèmisyon Wellframe nan.
- REMAK: Si w seleksyone yon nouvo kont, ou ka gen pou konfigire pèmisyon pou Google Fit pou kont sa a (gade pi wo a).
Èske l pa fonksyone toujou? Eseye dekonekte ak rekonekte Wellframe nan Google Fit:
- Nan aplikasyon Wellframe nan, ouvri Paramèt yo epi dezaktive "Detektè Pa Otomatik" la.
- Nan aplikasyon Google Fit la, ouvri Paramèt yo epi defile desann rive nan "Aplikasyon ki konekte yo" epi tape sou ouvri.
- Tape sou Wellframe epi apresa Dekonekte.
- Retounen nan aplikasyon Wellframe nan epi tape sou tach Aktivite Fizik la nan lis verifikasyon w lan pou afiche fenèt pòpòp yo pou aksepte pèmisyon Google Fit yo.
Remak: Lè yo mande w pou Chwazi yon Kont pou Wellframe nan pòpòp pèmisyon Google Fit la, asire w ke ou seleksyone menm kont imèl la ak sa ou wè nan paramèt Google Fit la si w gen plis pase yon kont imèl ki parèt.