Manm ki gen dyabèt yo ka byen patisipe nan pwogram Byometrik pou swen Dyabèt ak Glikoz nan San Wellframe nan yo. Nan aplikasyon an, wap kapab kontwole nivo sik nan san w, e wap ka gen aksè a enfòmasyon sou tandans ki genyen yo pou diskite ak ekip Swen w lan pou w pi byen jere nivo sik nan san w. Rantre an kontak avèk ekip swen w lan nan aplikasyon an nan fonksyon tchat la pou w jwenn plis enfòmasyon.
Anrejistreman lekti w yo
Patisipasyon nan pwogram Byometrik swen pou Dyabèt ak Glikoz nan San yo pral pèmèt ou wè yon aktivite kesyonè sou lis verifikasyon w nan pou w rantre lekti glikoz nan san w nan.
Nan kesyon kesyonè a, rantre lekti sa a manyèlman.
Gade epi sovgade done nan glikomèt la
Vizyalizasyon done nan aplikasyon mobil la pèmèt ou gade tandans glikoz nan san yo ofiramezi.
Navige ale nan Onglè Mwen an pou w gade dènye lekti glikomèt la nan aplikasyon an. Seleksyone lekti sa a pou w wè yon dyagram istorik pou tout done glikomèt la anrejistre nan aplikasyon an atravè kesyonè ou reponn sou lis verifikason w nan.
Yo pral alète ekip swen w nan si lekti w la pi wo pase 240 mg/dL oubyen si l pi ba pase 70 mg/dL, oubyen si w pataje sentòm nan aplikasyon an ki mande lòt suivi anplis. Tanpri rantre an kontak avèk ekip swen w nan pou nenpòt kesyon klinik ou ta genyen.
Si w ta renmen sovgade ansyen lekti sou telefòn ou, ou kapab seleksyone opsyon "pataje" a pou w sovgave yon fichye .csv pou dosye w.
Lè w seleksyone opsyon pataje a yo pral mande w chwazi yon pwogram/espas pou sovgade oswa pataje fichye a, toudepannde aplikasyon ki disponib sou aparèy ou a (pa egzanp, imèl, tèks, sovgade nan fichye, Dropbox, Numbers...)