Onglè "Tchat" la pèmèt ou transmèt ak resevwa an tout sekirite atachman ant oumenm ak Ekip Swen w lan, ki gen ladan l, foto ak fichye (tankou foto yon blesi, enstriksyon pou egzeyat, oswa yon bòdwo medikal ou ta renmen diskite sou li).
Kijan pou ajoute yon atachman:
- Tape sou onglè Tchat la nan aplikasyon an (Remake: si se premye fwa wap itilize onglè Tchat la, pral gen yon mesaj ki pral parèt kap eksplike w rezon pou fonksyonalite Tchat la, ak fason li ka rann eksperyans ou avèk aplikasyon an pi bon)
- Klike sou meni siy plis + la, ki sou bò gòch kazye pou tèks la
- Lè sa a yo pral ba w 3 opsyon pou atachman:
- Bibliyotèk Foto - Chwazi yon foto pami imaj ki la deja yo sou aparèy ou a (ou kapab chwazi jiska 10 imaj yon (1) grenn kou)
- Pran Foto - Pran yon nouvo foto avèk kamera aparèy ou a
- Chwazi Fichye - Anekse yon dokiman ki sovgade nan aparèy ou a
- Kou w fin anekse fichye ou pi pito a (yo), ou kapab ajoute tèks nan kazye pou tèks la pou bay plis kontèks oswa pou bay plis enfòmasyon ki gen rapò ak atachman an, si sa nesesè
- Pou transmèt mesaj ak fichye ou voye a (yo), tape sou bouton transmèt la (ikòn avyon papye ki sou bò dwat kazye pou tèks la)
Tip Fichye ak Limit:
Tip fichye ki sipòte -
- .jpg/.jpeg (Remake: imaj iPhone iOS pa defo a se .HEIC, ke nou pral konvèti an .jpg pou telechajman an)
- .png
Limit dimansyon fichye -
- Limit maksimòm pou dimansyon fiche a se 2 MB
- Nenpòt imaj ou telechaje atravè aplikasyon an, ki pi gwo pase 2MB, yo pral redimansyone otomatikman pou l rete nan limit dimansyon maksimòm fichye a ki se 2 MB
- Fichye PDF ki pi gwo pase 2MB pap redimansyone otomatikman, e wap gen pou redimansyone yo oumenm anvan wap kapab telechaje yo
Deteksyon Viris:
- Sistèm nan eskane tout fichye ki telechaje yo pou asire yo ka sovgade ak louvri yo an tout sekirite
- Pral gen yon mesaj ki pral parèt si yon fichye pa pase kontwòl sekirite a, epi fichye a pap sovgade oswa afiche si li pa pase
Efase atachman yo:
- Oumenm ak Ekip Swen w lan pral kapab siprime nenpòt atachman ou telechaje atravè aplikasyon an, sepandan ou pap kapab siprime okenn atachman Ekip Swen w lan telechaje.
- Apre sipresyon an, yon mesaj pral parèt pou ni oumenm ni Ekip Swen w lan, ki pral montre kilès moun ki siprime fichye a ak kilè yo te siprime li
Tanpri note byen ke ekip swen w lan ka pa reponn tousuit. Si ou bezwen pale ak yon doktè oswa sizoka gen yon ijans, tanpri rele sèvis dijans yo oswa rele doktè w la dirèkteman. Piga itilize Wellframe pou ka dijans.