Skip navigation

Konekte 

Si ou te deja kreye yon kont Wellframe, ou ka konekte nan aplikasyon an lè w swiv etap sa yo: 
  1. Louvri aplikasyon an sou telefòn entelijan ou oswa tablèt ou. 
  2. Klike “Konekte” sou ekran akèy la. 
  3. Mete adrès imel ou ak modpas ou te kreye lè w te kreye kont ou an. Ale sou atik sa a si ou bliye modpas ou epi si ou bezwen asistans pou reyinisyalize li. 
Si w ap konekte sou yon nouvo aparèy ki poko genyen aplikasyon an telechaje, sou www.wellframe.com/download pou enstale Wellframe ankò.

Lè aplikasyon an fin telechaje sou nouvo aparèy ou an, chwazi “Konekte” epi mete enfòmasyon kont ou a (gade enstriksyon yo ki anwo a). 

Yon foto ekran ki montre kòman pou konekte nan aplikasyon an

Ale sou atik sa a pou jwenn enstriksyon sou kijan pou gen aksè nan aplikasyon an si ou poko kreye kont ou. 

Reyinisyalize Modpas Ou 

Reyinisyalize modpas ou pou aplikasyon an fasil! 

Si ou te deja kreye yon kont Wellframe epi ou bliye modpas ou, ou ka reyinisyalize modpas ou an lè w swiv etap sa yo: 
  1. Louvri aplikasyon an epi klike “Konekte” sou ekran prensipal la. 
  2. Anba kaz “Modpas la”, tape “Mwen bliye Modpas.” 
  3. Nan pwochen ekran an, mete adrès imel ou epi klike sou “Soumèt.” 
Yon foto ekran ki montre kòman pou risèt modpas ou

Remak: Ou dwe tape menm adrès imel ou te itilize pou kreye kont ou an. Ou pral resevwa yon imel nan kèk minit ak enstriksyon pou kreye yon nouvo modpas. 

Si ou konekte kounye a sou aplikasyon an epi ou ta renmen reyinisyalize modpas ou, klike sou paramèt yo ki nan kwen anwo adwat ekran an, epi klike sou Dekonekte epi swiv etap ki anwo yo. 

Si w toujou gen pwoblèm pou rantre nan kont ou, kontakte ekip swen w lan oswa voye yon imel ba nou nan support.wellframe.com pou nou ba w yon koutmen. 

Aktive/Mizajou/Dezaktive Notifikasyon Yo 

Wellframe fèt pou voye notifikasyon sou aparèy ou a pou w ka respekte pwogram swen ou an. Yo ka se alèt sou rapèl pou medikaman w yo, mesaj ekip swen w lan voye, oswa lòt mizajou. Nou ankouraje w louvri aplikasyon an chak jou pou anrejistre pwogrè ou epi konplete aktivite ou yo, epi konsa, nou rekòmande pou w pa dezaktive sa yo. 

Notifikasyon sa yo PAP JANM genyen enfòmasyon pèsonèl sou sante w – y ap jis fè w sonje gen yon bagay nan aplikasyon an ki mande atansyon w. 

Pou w limen notifikasyon w yo si w te etenn yo: 

Apple:

  1. Louvri Reglaj aparèy iPhone oswa iPad ou.
  2. Glise desann epi peze sou Wellframe. 
  3. Tape sou Notifikasyon. 
  4. Aktive “Pèmèt Notifikasyon” pou bouton a vin vèt. 

Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou paramèt pou notifikasyon iPhone/iPad yo.

Android:

  1. Louvri Lansè Aplikasyon an. 
  2. Ale sou Paramèt. 
  3. Ale nan Aplikasyon. 
  4. Glise desann epi peze sou Wellframe. 
  5. Asire w bouton altène pou notifikasyon an yo sou LIMEN. 

Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou paramèt pou notifikasyon Android yo. 

Anile Enskripsyon Nan Pwogram Swen Ou 

Si w pa vle enskri ankò nan pwogram swen w ap itilize kounye a, ou ka mande sa nan aplikasyon an: 

  1. Ale nan onglè Pwofil la, epi peze sou senbò Reglaj anwo adwat sou ekran an 
  2. Peze “Jere Kont ou.”  
  3. Peze “anile enskripsyon nan pwogram lan.” 
  4. Sa pral mennen w nan onglè Chat la, kote yon mesaj ranpli davans pral kreye nan zòn tèks la ki endike “I’d like to unenroll in the program” (mwen vle anile enskripsyon nan pwogram lan). 
  5. Si w vle kontinye anile enskripsyon an, peze flèch voye a ki adwat mesaj la. 
  6. Ekip Swen w lan pral kontakte w trè byento pou konfime desizyon sa a avèk ou. 
Yon foto ekran ki montre fonksyon tchat yo nan aplikasyon an

Siprime Kont Ou 

Si w vle Wellframe efase done w yo: 

  1. Ale nan onglè Pwofil la, epi peze sou senbò Reglaj anwo adwat sou ekran an 
  2. Peze “Jere Kont ou.”  
  3. Peze “Siprime kont ou.” 
  4. Lè sa, aplikasyon an pral mande w tape mo “Delete” (siprime) a nan bwat la, apresa peze sou bouton Delete (siprime) a. 
  5. Apresa, Wellframe pral kontakte w nan adrès imel ki lye ak kont aplikasyon w lan, epi kòmanse pwosesis pou siprime done w yo. 

Remak: Yon lòt chwa, ou ka kontakte ekip Sipò Teknik la dirèkteman pa imèl nan support.wellframe.com, oswa rele nan 844-452-4985 pou fè demann sa a.

Yon foto ekran ki montre kòman pou efase kont ou

Toujou Bezwen Èd?