Chak jou w ap gen yon lis aktivite nan Lis Verifikasyon w la pou w konplete, ki gen rapò ak pwogram swen ke yo mete w ladann kounye a. Aktivite sa yo ka gen ladan nouvo atik pou li, rapèl pou medikaman ou te pwograme, oswa sondaj ou gen pou w ranpli pou ekip swen w lan. Ekip swen w lan sèvi ak aktivite w gen nan lis verifikasyon w lan pou l rete konekte avèk ou ak pou yo ka okouran de pwogrè w fè. Lè w konplete aktivite yo chak jou, lis verifikasyon w la ap reyaktyalize epi montre nouvo aktivite jou annapre a.
Seksyon Lis Verifikasyon
Lis verifikasyon w lan pral divize an seksyon diferan, ki pral depann de aktivite ou dwe fè yo.
Bouton “+ Ajoute”
Rapèl Medikaman/Sante – Anplis, ou ka ajoute nouvo rapèl medikaman/sante nan ekran sa a; pou fè sa peze bouton â+ Ajouteâ (ajoute) nan anwo adwat la, epi seleksyone ki tip rapèl ou vle kreye. On fwa yo kreye, nouvo rapèl medikaman ak/oswa nouvo rapèl sante w yo pral vizib epi ka modifye nan onglè Profile (pwofil) la.Â
Pwogram Swen – Anplis de sa, nan meni â+ Ajouteâ la, ou ka wè kantite Pwogram Swen ki disponib epi soumèt yon demann pou w enskri nan sa ki entèrese w la (yo).
Remak:Pou plis konsèy sou fason pou fikse rapèl, tanpri gade atik sa a pou w jwenn etap pou kreye rapèl ni pou medikaman ni pou sante. Pou plis enstriksyon sou fason pou w wè ak mande enskripsyon nan lòt Pwogram swen, tanpri gade atik sa.
Seksyon “Jodiya”
Seksyon sa a montre nenpòt travay eksepsyonèl ou genyen pou jounen an.
Yo pral montre non pwogram swen an anba tit chak aktivite pou nenpòt aktivite ki gen rapò ak pwogram swen an (yo) kote ou enskri. Sa fè li pi fasil, sitou pou moun ki enskri nan plizyè pwogram swen yo, pou yo konnen ki aktivite ki gen rapò ak ki pwogram.   Â
Kontè Pa: Klike aktivite a pou w wè retrasè kontè pa w lan otomatikman. La a, ou ka chanje objektif ou yo (kantite pa ou vize fè), epi chanje kantite pa ou te fè a alamen si ou pa aktive kontwòl otomatik k ap swiv kantite pa ou fè a. Depi w atenn Objektif Pa ou pou jounen an, aktivite a pral otomatikman parèt kòm konplè.
Rapèl pou Medikaman: Klike sou rapèl la, apresa tape “Wi” oswa “Wi pou tout” pou aksepte ou te pran dòz ou a (yo).
Rapèl Sante: Kilike sou rapèl la, apresa tape “Konplete” pou aksepte rapèl la.
Atik: Tape dwèt ou sou aktivite a epi li atik la ak/oswa gade nenpòt sa ki nan videyo a pou w jwenn plis enfòmasyon sou sante w. Yon fwa w fin konplete aktivite a, klike flèch bak la ki anlè a gòch aplikasyon an pou w retounen nan lis verifikasyon an.
Enskripsyon/Sondaj: Klike sou aktivite a pou ouvri sondaj la, apresa kilike Kòmanse Sondaj. Yo pral pataje repons ou a ak ekip swen w la epi l ap ede yo gen plis konesans sou kijan w ap degaje w chak jou. Yon fwa ou fin konplete sondaj la, klike Retounen nan Lis Verifikasyon.
Ankourajman: TKlike sou aktivite a pou w li ankourajman an, apresa klike flèch anlè sou bò gòch aplikasyon an pou w retounen nan lis verifikasyon an.
Seksyon “Konplè”
Chak fwa ou fin fè yon aktivite, ou pral tande yon ti bri ki fè ding! Lè sa a, y ap retire aktivite a nan tèt lis verifikasyon w lan, epi l ap vin parèt nan pati anba a sou seksyon âKonplèâ la, epi ap gen yon mak koulè vèt bò kote li.
Si w bliye fè aktivite w lan, pa enkyete w. Lis Verifikasyon Chak Jou w lan reyaktyalize chak jou a minwi. Menmsi w bliye anrejistre pwogrè w sou aplikasyon an, li toujou enpòtan pou w pran medikaman w ki pwograme yo chak jou, fè egzèsis, epi byen manje!Â
Kontè Kantite Pa yo
Aplikasyon an ka swiv otomatikman kantite pa ou fè pandan yon jounen. Avèk swivi otomatik, aparèy mobil ou a pral swiv pa ou yo lè li senkwonize swa ak aplikasyon Health Connect oswa Apple Health. Li fasil e l rapid pou w konfigire fonksyon sa a! Â
Remak: Kontaj otomatik pa yo ka fèt sèlman sou vèsyon mobil aplikasyon nou an epi li pa ka fèt sou yon tablèt. Tablèt yo pa konekte ak aplikasyon sante respektif ki nesesè pou swivi, se aparèy mobil yo sèlman ki konekte. Si w itilize ni vèsyon mobil ni vèsyon tablèt aplikasyon nou an, w ap wè aktyalizasyon done kontaj pa w yo regilyèman sou aplikasyon pou tablèt la apre w fin monte sou aplikasyon mobil lan.
Konekte Aparèy Ou Avèk Swa Apple Health Oswa Health ConnectÂ
Louvri aplikasyon an epi peze sou travay âStep Countâ (konte pa) nan onglè Checklist la (lis verifikasyon).
Peze sou âCONNECT NOWâ (konekte kounye a) (oswa si w pa enterese ankò, peze sou âDONâT ASK ME AGAINâ (pa mande m ankò)).
Apresa, ou pral wè yon lòt endikasyon ki mande w pou otorize Wellframe konekte ak aplikasyon sante sou aparèy ou an (se pral Apple Health pou itilizatè iPhone, oswa Health Connect pou itilizatè Android).Â
Si w vle otorize yo senkwonize, dekwa pou Wellframe ka konte pa w yo, peze âCONNECT NOWâ (konekte kounye a) (oswa si w pa vle senkwonize, peze sou âNO THANKSâ (non mèsi)).
Konekte aplikasyon an avèk Health Connect pou Android:Â
*Asire w ke ou gen aplikasyon “Health Connect” enstale sou aparèy ou a*
Lè yo mande w sa, seleksyone “Kont Google” ou a pou aparèy ou a.
Konekte aplikasyon an avèk Apple Health pou iPhone:
Lè yo mande w sa, si w peze âConnect Nowâ (konekte kounye a), sa pral mennen w nan reglaj Apple Health ou kote w ka aktive âStepsâ (pa yo).
Depi w konekte sou Health Connect oswa Apple Health, pa ki nan aplikasyon sa yo pral Senkwonize ak aplikasyon an otomatikman. Â
Remak: Si w seleksyone âNO THANKSâ (non mèsi) pandan premye endikasyon koneksyon an, ou ka konekte aplikasyon an toujou yon lòt lè pi devan lè w ale nan onglè Profile (pwofil), ou peze âSettingsâ (reglaj), apresa, âStep Countâ (konte pa). Pandan w la a ou ka aktive âTrack with the Apple Health appâ (swiv avèk aplikasyon Apple Health) oswa âTrack with the Health Connect appâ (swiv avèk aplikasyon Health Connect).
Modifye Objektif Kantite Pa Chak Jou W
Yon objektif kantite pa chak jou deja fikse pou ou anjeneral lè w kòmanse yon Pwogram Swen ki gen kontaj pa. Pou modifye objektif kantite pa ou fè chak jou:
Peze sou eleman âStep countâ (kantite pa) nan lis verifikasyon ou a.
Peze sou senbòl kreyon ki akote STEP GOAL (objektif kantite pa) ou.
Antre nouvo objektif ou pou kantite pa.
Klike sou “SOVGADE.”
Remak: Ekip Swen w lan kapab mete objektif kantite pa w yo ajou tou!
Ajoute/Modifye Alamen Kantite Pa Ou Fè Chak Jou
Si w konekte aplikasyon an ak Apple Health oswa Health Connect epi si w ap retrase pa w yo apati yon aparèy ki PA senkwonize nan moman an ak Apple Health oswa Health Connect, kantite pa w yo ka pa parèt egzak. Ou kapab mete pa sa yo ajou manyèlman nan aplikasyon an pou fè yo koresponn ak kantite pa egzak ki nan aparèy deteksyon pa w la. Â
Si w pa konekte ak Health Connect oswa Apple Health, men w ta renmen anrejistre kantite pa w yo chak jou apati yon lòt aparèy, ou ka ajoute yo isi a tou:Â
Peze sou eleman âStep countâ (kantite pa) nan lis verifikasyon ou a.
Peze sou senbòl kreyon ki akote kantite pa aktyèl la.
Antre kantite pa ki kòrèk la.
Klike sou “SOVGADE.”
Remak: Apre w fin fè yon chanjman, ou gen opsyon tou pou retounen nan kontaj otomatik Health Connect oswa Apple Health lè w klike sou opsyon âRevert toâŚ.â (retounen nan) nan ekran pou modifikasyon yo.
Gade Pwogrè Kantite Pa Ou Fè
Onglè Lis Verifikasyon
Pral gen yon ba pou pwogrè ki pral parèt nan atik “Kantite Pa” pou toulejou a ki nan lis verifikasyon w lan kap pèmèt ou wè yon “apèsi” sou kontwòl pou objektif ou a. Chak fwa ou rechaje lis verifikasyon w lan, ba a pral vin ajou. Si w klike sou atik nan lis verifikasyon an, li pral afiche ekran ki pral montre w kantite aktyèl pa w yo ak objektif pa w la pou jounen an.
Onglè Pwogrè
Pou wè aktivite kantite pa yo pou semèn sot pase, glise desann nan Widjèt Step Count lan (kantie pa). Sa pral afiche yon grafik pou aktivite pa w fè sou 7 jou ki sot pase yo. Epitou, pou modifye objektif ou nan ekran sa a, ou ka peze senbòl kreyon ki akote objektif ki egziste a nan kwen anwo adwat widjèt la.
Onglè Pwogrè a
Kit se kantite pa ou fè chak jou, pran medikaman, lekti sik nan san, oswa pwa, li fasil pou ou jwenn aksè ak tout enfòmasyon ou yo sou onglè sa a!
Pwogrè konsènan sa a ki fèt nan Lis Kontwòl la ak Medikaman ou Pran yoÂ
Pwogrè nan Suiv Kantite Pa Chak JouÂ
Grafik Byometri (Dwe enskri nan Pwogram Swen Byometrik)Â
Dat MatèniteÂ
Dat yo pou Pwosedi ChirijikalÂ
Lis Kontwòl ak Pran MedikamanÂ
Endikatè chak jou yo pral parèt, atravè widjèt, sou pwogrè w pou jou aktyèl la ak 6 jou anvan yo pou:
Reyalizasyon atik ki nan lis kontwòl yoÂ
Pran medikaman pou semèn nan.Â
Pwogrè w endike nan sèk ki chanje selon sa a ou te fè.
Sèk Gri Konplè: Ou pa te gen okenn rapèl/travay pou w fè pou jou sa aÂ
Sèk Gri Konplè avèk X: Ou te gen medikaman pou ou pran nan jou sa a, men ou pa te make ou te pran medikaman yoÂ
Yon Pati Gri: Pousantaj rapèl/travay ki pa te fèt pou jou sa aÂ
Yon Pati ble: Pousantaj rapèl/travay ki te fèt pou jou sa a.Â
Sèk Vèt ak yon Mak Verifikasyon: 100% rapèl/travay ou yo te fèt pou jou sa a. Â
Kontè PaÂ
Remak: Si w pa genyen konfigirasyon âStep Counterâ (Kontè Kantite Pa yo) ou a, tanpri ale la a pou enstriksyon sou konfigirasyon yo. Â
Kontè Pa a otomatikman anrejistre pa yo chak jou. Chak jou, yon atik ap parèt sou lis verifikasyon w lan, ki montre pwogrè nan objektif swiv pa chak jou w la!
Sou onglè Pwogrè a, ou pral gen yon reprezantasyon grafik:
Kantite pa ou fè pou jounen jodi a ak pou 6 dènye jou yoÂ
Mwayèn total pa ou fè pou 7 dènye jou yoÂ
Kantite total pa ou fè pou 7 dènye jou yo an milÂ
Epitou graf sa a pèmèt ou modifye Objektif Kantite Pa ou vle fè yo lè l peze sou onglè kreyon an ki anwo adwat sou graf la, mete yon nouvo objektif epi apresa peze onglè Save la. Nouvo kantite pa ou vize fè yo ap kòmanse nan pwochen jou a.
Reprezantasyon Grafik Byometri yo
(Remak: Ou dwe enskri nan Pwogram Swen Byometrik ki aplikab la pou ou wè tablo sa yo ):Â
Lekti Sik nan San – Montre nòt 7 jou ki sot pase yo ak dat yo.Â
Lekti Tansyon Ateryèl – Montre nòt 7 jou ki sot pase yo ak dat yo.Â
Pwa – Montre nòt 7 jou ki sot pase yo ak dat yo.Â
Suivi Sik Nan SanÂ
Si w enskri nan yon pwogram byometrik sik nan san, w ap kapab swiv nivo sik nan san w pou jou aktyèl la ak pou 6 jou anvan yo, ki montre kòman yo konpare ak nivo ki rekòmande a.  Remak: Pou plis enfòmasyon sou fason pou anrejistre sik nan san ou lè w konekte glikomèt ou, gade nan atik sa a.Â
Chak jou, lè w antre lekti sik nan san w nan lis verifikasyon an, l ap parèt sou graf sa a. Si w nan plis pase yon pwogram sik nan san, chak lekti pral gen yon koulè diferan.
Grafik la montre 7 dènye jou yo, tankou jodi a. Pou ou wè lekti ki pi ansyen yo, klike flèch ki nan kwen anwo graf la.
Sa a pral mennen w nan yon ekran kote ou ka defile dat ki sot pase yo epi wè lekti ou yo nan yon fòma lis.
Epitou ou ka pataje (ekspòte) lis lekti w yo lè w klike sou bouton âShareâ (pataje) a.
Widjèt Tansyon AteryèlÂ
Si w enskri nan yon pwogram byometrik tansyon, w ap kapab anrejistre epi swiv lekti tansyon w yo lè w antre lekti w la atravè yon atik nan lis verifikasyon an.
Lè w antre lekti tansyon w ki nan lis verifikasyon an, l ap parèt sou graf sa a. Yon echèl pou chif rezilta yo agoch (aks Y), epi dat kontwòl yo te fèt ap sou anba (aks X).
Graf la montre 7 dènye lekti yo. Pou ou wè lekti ki pi ansyen yo, klike flèch ki nan kwen anwo graf la.
Sa a pral mennen w nan yon ekran kote ou ka defile dat ki sot pase yo epi wè lekti ou yo nan yon fòma lis.
Epitou ou ka pataje (ekspòte) lis lekti w yo lè w klike sou bouton âShareâ (pataje) a.
Pou w agrandi graf la nan vizyalizasyon sa a, klike sou onglè âexpandâ (agrandi) a nan kwen anwo adwat ekran an.Â
Widjèt Pwa Â
Si w enskri nan yon pwogram swivi pwa, w ap kapab anrejistre epi swiv lekti pwa w yo lè w antre lekti w yo atravè yon atik nan lis verifikasyon an.
Lè w antre lekti pwa w ki nan lis verifikasyon an, l ap parèt sou graf sa a.
Graf la montre 7 dènye lekti yo. Pou ou wè lekti ki pi ansyen yo, klike flèch ki nan kwen anwo graf la.
Sa a pral mennen w nan yon ekran kote ou ka defile dat ki sot pase yo epi wè lekti ou yo nan yon fòma lis.
Epitou ou ka pataje (ekspòte) lis lekti w yo lè w klike sou bouton âShareâ (pataje) a.Â
Pou w agrandi graf la nan vizyalizasyon sa a, klike sou onglè âexpandâ (agrandi) a nan kwen anwo adwat ekran an.
Dat yo pou Pwosedi aÂ
Si w enskri nan yon pwogram byen presi pou dat pwosedi/sante (pa egzanp yon pwochen operasyon oswa yon operasyon ki fin fèt) kapab ajoute, wè ak modifye dat sa yo nan Onglè Pwogrè a. Sa asire ke kontni ou resevwa nan Pwogram Swen ou koresponn ak etap ki kòrèk la nan pakou swen sante ou.
Pou w ajoute dat yo, ou ka tape ti imaj kreyon an akote âEnter Dateâ (antre dat), apresa w ap glise pou w ale nan selektè dat la pou w seleksyone Mwa, Jou ak Ane kòrèk la.Â
Epitou, pou modifye dat sa yo annapre, ou ka peze ti imaj kreyon an akote dat ki afiche aktyèlman an.Â
Pwogram MatèniteÂ
Si w nan pwogram matènite a, ou pral kapab swiv pwogrè epi fè mizajou. W ap kapab fè mizajou eta gwosès la (si w ansent aktyèlman oswa si w akouche), ajoute/mete ajou dat ou ta dwe akouche, oswa anile enskripsyon w nan pwogram lan.
Lè widjèt âMy Pregnancyâ (grossès mwen an) nan seksyon âProfileâ (pwofil) ou an montre yon notifikasyon sèk wouj, ou ka peze sou li epi w mete dat gwosès aplikab ou yo (si w ansent kounye a (Dat Ou ta Dwe Akouche), oswa si ou te deja akouche tibebe w lan (Dat Ou Akouche). Lè w antre dat sa yo avèk presizyon, sa pral asire ou resevwa kontni aplikab pwogram lan anrapò avèk etap pakou gwosès ou a.
Remak: Si w POKO akouche, tanpri PA mete yon Dat Akouchman. Kontni ki founi pou eksperyans pèsonèl ou baze sou dat yo ou te antre nan seksyon sa a.
Mande Enskripsyon nan yon Pwogram Swen ByometrikÂ
Nan onglè pwofil la, ou ka mande enskripsyon nan sèten Pwogram Swen Byometrik ki pèmèt ou pran kontwòl demach swen sante w yo!
Pwogram sa yo disponib pou ou fè demann (Remak: si w pa wè youn nan opsyon sa yo disponib pou ou, tanpri voye yon “mesaj tchat” bay Ekip Swen w lan atravè aplikasyon an): Â
Kontwolè Pwa Chak SemènÂ
Kontwolè Pwa Chak JouÂ
Kontwolè Pwa Chak Semèn PrenatalÂ
Kontwolè Pwa Chak Semèn pou Timoun (Pedyatrik)Â
Kontwolè Pwa Chak Jou pou Timoun (Pedyatrik)Â
Kontwolè Tansyon Chak Jou PrenatalÂ
Kontwolè Tansyon Chak Jou pou Timoun (Pedyatrik)Â
Kontwolè Tansyon Chak semènÂ
Kontwolè Tansyon Chak JouÂ
Kontwolè Tansyon nan MatenÂ
Kontwolè Tansyon nan ApremidiÂ
Kontwolè Tansyon nan AswèÂ
Pou ou fè demann enskripsyon (Remak: Ou ka sèlman fè demann enskripsyon pou 1 nan pwogram swen sa yo alafwa): Â
Defile desann rive anba ekran Pwogrè a (oswa klike sou onglè âWidgetsâ la ki anwo adwat ekran an epi klike sou âAdd Health Trackerâ.(Ajoute Zouti pou Ou Swiv Sante w”.)Â
Klike sou bouton âBrowse Trackersâ (Chèche Zouti pou Suivi yo.) a nan widjèt â Add Health Trackerâ la.Â
Konsantre sou kategori ki apwopriye a (Pwa oswa Tansyon)Â
Chwazi nan ki Zouti pou Suivi espesifik ou ta renmen enskriÂ
Klike sou bouton âRequest to Enrollâ (Demann pou Ou Enskri” a. (Ou pral resevwa yon konfimasyon ki parèt, klike sou âRequestâ (Demann) pou ou voye demann lan bay Ekip Swen w lan.)Â
Yo pral ranplase Widjèt âAdd Health Trackerâ(Ajoute Zouti pou ou Swiv Sante w) ak yon Widjèt ki montre non ak dat demann Zouti pou Suivi yo mande a.Â
Ăganize Onglè Pwogrè A
Onglè Pwogrè a ofri w posiblite pou w reyòganize lòd afichaj widjèt pwogrè sante w yo, pou w ka bay priyorite ak sa yo ki pi enpòtan pou ou!
Remak: Ou pa ka retire okenn nan widjèt yo. Anplis, si w enskri nan yon pwogram ki baze sou dat (tankou pwogram matènite oswa pwogram pwosedi medikal), ou p ap kapab deplase widjèt âdatâ la epi li pral rete anlè onglè Pwogrè a jiskaske pwogram sa fini.
Pou reyòganize widjèt onglè Pwogrè yo:
Louvri onglè Pwogrè a, epi peze sou senbòl âfiltèâ nan anwo adwat sou ekran an. Sa a pral afiche yon lis tit widjèt, ak senbòl twa trè adwat chak tit.Â
Peze epi kenbe senbòl twa trè a sou widjèt ou ta renmen reyòganize a epi trennen l nan plas ou vle li ale a.Â
On fwa ou satisfè avèk lòd ki fèk ranje a, peze SAVE (sovgade) nan anba sou aplikasyon an.Â
Sa fè w tounen nan onglè Pwogrè a, kote ou pral wè tout widjèt sante w yo nan lòd ou fenk chwazi.Â
Siveyans GlikozÂ
Manm ki gen dyabèt kapab patisipe nan pwogram swen Byometrik Dyabèt ak glikoz nan san Wellframe lan. Nan aplikasyon an, wap kapab kontwole nivo sik nan san w, e wap ka gen aksè a enfòmasyon sou tandans ki genyen yo pou diskite ak ekip Swen w lan pou w pi byen jere nivo sik nan san w.
Remak: Se pa tout esponnsò aplikasyon yo ki sipòte Entegrasyon Glikomèt la. Si w pa fin sèten si sa a se yon fonksyon ki disponib pou ou, tanpri kontakte ekip swen w lan nan aplikasyon an nan fonksyon tchat la pou w jwenn plis enfòmasyon.
Konekte Aparèy Ou A Ak Aplikasyon An
Lè entegrasyon glikomèt la aktive, e si w enskri nan yon pwogram byometrik pou sik nan san, sistèm nan pral mande w pou jimle aparèy ou a.
Remak: Si ou inyore demann sa a, ou ka redeklanche mosyon jimlaj la nenpòt lè depi ou tape sou “SENKWONIZE AK YON APARĂY” nan yon aktivite sondaj pou glikoz nan san, oswa apati meni “aparèy ki konekte yo” nan paramèt yo.
Klike sou “KONEKTE KOUNYE A” pou kòmanse mosyon senkwonizasyon an.
Seleksyone aparèy wap itilize a. Sistèm nan sovgade seleksyon sa a nan “paramèt yo”.
Yon fwa ou fin jimle aparèy ou a, tape sou “SENKWONIZE AK YON APARĂY” nan yon sondaj pou glikoz nan san, epi apresa, pou jimle lekti w la.
Gen twa kalite entegrasyon ki sipòte:
OCR: Si aparèy glikomèt ou a se yon aparèy OCR, (rekonesans karaktè optik), kamera telefòn ou a pral lanse. Lè w mete kamera telefòn nan toujis anlè aparèy ou a sa pral telechaje lekti a nan aplikasyon an.
Bluetooth: Si aparèy glikomèt ou a se yon aparèy ki gen Bluetooth, aplikasyon an pral tcheke pou jwenn nouvo lekti nan aparèy ou an epi rezilta yo ap prezante nan yon lis. Lè sa a, ou kapab seleksyone lekti ki apwopriye pou telechaje nan aplikasyon an. Tout lekti ki te senkwonize deja yo pral gen yon fon gri e ou pap kapab seleksyone yo ankò.
Apple Health: Lekti senkwonize nan Apple Health ki soti nan aplikasyon manifakti aparèy glikomèt ou a pral senkwonize nan Wellframe pa mwayen Apple Health. Gade anba la pou w jwenn etap entegrasyon yo.
On fwa w te chwazi yon rezilta epi w peze ok (Bluetooth oswa Apple Health) oswa w te itilize kamera a pou li nan yon nouvo rezilta glikoz nan san (OCR), rezilta a pral ranpli espas antre a nan repons bilan an. Klike sou “SOVGADE.”
Remak: Wap toujou gen opsyon pou modifye chif la anvan w soumèt repons sondaj la. Ou kapab vizyone, ajoute, retire, resenkwonize aparèy yo, oswa chanje ki aparèy ki se aparèy prensipal la nan meni paramèt aplikasyon an.
Konekte nan Apple Health
(OPSYONĂL â Aplikab Pou Itilizatè iPhone SĂLMAN)
Konfime aplikasyon fabrikan aparèy glikomèt ou a senkwonize ak Apple Health.
Nan iPhone lan, Ale nan Paramèt > Desann nan aplikasyon Sante a > klike sou âAksè nan Done ak Aparèy yoâ. Konfime aplikasyon Wellframe lan afiche.
Peze Wellframe, konfime “PĂMĂT WELLFRAME LI DONE YO” > “Glikoz nan San” aktive.
Lè wap “senkwonize”, seleksyone “Apple Health” apati meni Aparèy ki Konekte yo, olye de aparèy glikomèt ou a.
Glikomèt Konpatib Yo
Pi ba a wap jwenn yon lis aparèy aktyèl ki konpatib yo. Si ou pa wè modèl pa w la sou lis pi ba a, tanpri retounen tcheke ankò pou mizajou yo. Si w pa gen yon aparèy ki konpatib ak Wellframe, ou toujou kapab kontwole lekti glikoz nan san w yo nan aplikasyon an lè w rantre lekti nivo sik nan san yo manyèlman.
Sous
Aparèy
Abbott
Abbott FreeStyle Freedom Lite Glucose Meter
Abbott
Abbott FreeStyle Lite Glucose Meter
Abbott
Abbott FreeStyle Precision Neo Glucose Meter
Abbott
Abbott FreeStyle Precision Xtra Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Aviva Connect Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Guide Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Guide Me*
Accu-Chek
Accu-Chek Instant Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Aviva Plus Black Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Aviva Plus Silver Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Compact Plus Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Nano Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Performa Glucose Meter
Accu-Chek
Accu-Chek Performa II Glucose Meter
Agamatrix
Agamatrix Jazz Wireless 2 Glucose Meter
Ascensia Diabetes Care
Ascensia Diabetes Care Contour Next 7901H*
Ascensia Diabetes Care
Ascensia Diabetes Care Contour Next 7902H*
Ascensia Diabetes Care
Ascensia Diabetes Care Contour Next One Glucose Meter*
Ascensia Diabetes Care
Ascensia Diabetes Care Contour Plus One Glucose Meter*
Bayer
Bayer Breeze 2 Glucose Meter
Bayer
Bayer Contour Glucose Meter
Bayer
Bayer Contour Next EZ Glucose Meter
Bewell Connect
MyGluco
CVS
CVS Health Advanced Bluetooth Glucose Meter
CVS
CVS True Metrix Air Glucose Meter
CVS
CVS True Metrix Glucose Meter
CVS
CVS True Result Glucose Meter
CVS
CVS True Track Glucose Meter
LifeScan
LifeScan OneTouch Verio Flex Glucose Meter
LifeScan
LifeScan OneTouch SelectSimple Glucose Meter
LifeScan
LifeScan OneTouch Ultra2 Glucose Meter
LifeScan
LifeScan OneTouch UltraMini Glucose Meter
Nipro
Nipro True Metrix Air Glucose Meter
Nipro
Nipro True Metrix Glucose Meter
Nipro
Nipro True Result Glucose Meter
Nipro
Nipro True Track Glucose Meter
Relion
Relion Confirm Glucose Meter
Relion
Relion Prime Glucose Meter
Relion
Relion Ultima Glucose Meter
Rite Aid
Rite Aid True Metrix Air Glucose Meter
Rite Aid
Rite Aid True Metrix Glucose Meter
Rite Aid
Rite Aid True Result Glucose Meter
Rite Aid
Rite Aid True Track Glucose Meter
Walgreens
Walgreens True Metrix Air Glucose Meter
Walgreens
Walgreens True Metrix Glucose Meter
Walgreens
Walgreens True Result Glucose Meter
Walgreens
Walgreens True Track Glucose Meter
Onglè TchatÂ
Seksyon “Tchat” la se kote w ap kapab kominike dirèkteman ak ekip swen w lan nenpòt ki lè pa mwayen yon sistèm mesaj sekirize. Se tankou mesaj tèks, li sèlman pi sekirize pou pwoteje enfòmasyon sante w yo.
Remak: Ekip swen w lan gendwa pa reponn imedyatman. Si w bezwen pale ak yon doktè oswa sizoka gen yon ijans, tanpri rele sèvis dijans yo oswa rele doktè w la dirèkteman. Piga itilize Wellframe pou ka dijans.
Atachman Yo
Onglè “Tchat” la pèmèt ou transmèt ak resevwa an tout sekirite atachman ant oumenm ak Ekip Swen w lan, ki gen ladan l, foto ak fichye (tankou foto yon blesi, enstriksyon pou egzeyat, oswa yon bòdwo medikal ou ta renmen diskite sou li).
Kijan pou ajoute yon atachman:
Peze sou onglè Chat la nan aplikasyon an. (Remak: si se premye fwa w ap itilize onglè Chat la, yon mesaj ap parèt ki eksplike pou kisa karakteristik Chat la ye, epi kijan li ka benefisye eksperyans ou avèk aplikasyon an)
Klike sou meni siy plis “+” la, ki sou bò gòch kazye pou tèks la.
Lè sa a yo pral ba w 3 opsyon pou atachman:
Foto w yo: Chwazi yon foto pami imaj ki la deja yo sou aparèy ou a (ou kapab chwazi jiska 10 imaj yon (1) grenn kou).
Pran Foto: Pran yon nouvo foto ak kamera aparèy ou a.
Chwazi Fichye: Anekse yon dokiman ki sovgade nan aparèy ou a.
Kou w fin anekse fichye ou pi pito a (yo), ou kapab ajoute tèks nan kazye pou tèks la pou bay plis kontèks oswa pou bay plis enfòmasyon ki gen rapò ak atachman an, si sa nesesè.
Pou transmèt mesaj ak fichye ou voye a (yo), tape sou bouton transmèt la (ikòn avyon papye ki sou bò dwat kazye pou tèks la).
Tip Fichye Ak Limit
Tip fichye ki sipòte:
.pdf.
.jpg/.jpeg (Remake: imaj iPhone iOS pa defo a se .HEIC, ke nou pral konvèti an .jpg pou telechajman an).
.png.
Limit dimansyon fichye:
Limit maksimòm pou dimansyon fiche a se 2 MB.
Nenpòt imaj ou telechaje atravè aplikasyon an, ki pi gwo pase 2 MB, yo pral redimansyone otomatikman pou l rete nan limit dimansyon maksimòm fichye a ki se 2 MB.
Fichye PDF ki pi gwo pase 2 MB pap redimansyone otomatikman, e wap gen pou redimansyone yo oumenm anvan wap kapab telechaje yo.
Deteksyon Viris:
Sistèm nan eskane tout fichye ki telechaje yo pou asire yo ka sovgade ak louvri yo an tout sekirite.
Pral gen yon mesaj ki pral parèt si yon fichye pa pase kontwòl sekirite a, epi fichye a pap sovgade oswa afiche si li pa pase.
Efase atachman yo:
Oumenm ak Ekip Swen w lan pral kapab siprime nenpòt atachman ou telechaje atravè aplikasyon an, sepandan ou pap kapab siprime okenn atachman Ekip Swen w lan telechaje.
Apre sipresyon an, yon mesaj pral parèt pou ni oumenm ni Ekip Swen w lan, ki pral montre kilès moun ki siprime fichye a ak kilè yo te siprime li.
Enstriksyon
Ekip Swen w lan kapab voye enstriksyon tou epi enfòmasyon enpòtan nan aplikasyon w lan ke w ka monte sou yo byen fasil, san w pa tounen dèyè nan konvèsasyon w yo pou w jwenn yo.
Senbòl près papye ki anwo agoch nan onglè Chat la ap genyen tout enstriksyon oswa enfòmasyon enpòtan oumenm ak Ekip Swen ou an vle konsève yon sèl kote.
Si w gen yon notifikasyon ki fikse pou aplikasyon an, w ap resevwa yon endikasyon chak fwa Ekip Swen w lan ajoute oswa modifye yon bagay nan machaswiv ou yo.
Onglè Resous
Onglet Resous yo genyen yon Bibliyotèk atik edikatif sou sante w, ak yon lis Pwogram Swen ki disponib nou yo ki ka wè nan âSijè Santeâ.
Bibliyotèk
Bibliyotèk atik nou yo ka espesifik sou pwoblèm sante oubyen nesesite w, medikaman w yo, oswa yo ka bay konsèy jeneral sou jan pou w rete an sante, sepandan yo pral anglobe anpil lòt sijè tou ki ka entèrese w. Tape etwal vid ki anba a nan mitan atik la pou w ka anrejistre nan lis âPrefere mwen yo (Favorites)â nenpòt nan atik ou te wè yo. Kou li fin ajoute kòm prefere, etwal la ap vin tou blanch.  Lè sa a, ou ka jwenn aksè fasil nan atik ou pi renmen yo nenpòt ki lè nan ekran Bibliyotèk la lè w klike sou “Wè tout atik” epi klike sou tab “Favori mwen yo”. REMAK: Tout atik ki parèt nan Lis Verifikasyon ou an disponib nan bibliyotèk la nenpòt kilè.Â
Pwogram Swen
Onglè resous la prezante yon lis elaji ki gen tout pwogram swen nou yo ki disponib pou ou pou w gade, e ou ka mande pou w anrejistre nan youn ki entèrese w.
Wè detay sou pwogram swen espesifik:
Tape âWè tout sijè sante yoâ (pi ba 4 premye egzanp yo), e yon nouvèl ekran ki afiche yon lis elaji ki gen anpil kalite sijè sou pwogram swen sante yo ap parèt.
Glise desann epi tape sou nenpòt sijè sante disponib pou w ka wè yon lis pwogram swen ki disponib pou ou anba chak sijè
Tape nenpòt nan pwogram swen sa yo pouw jwenn deskripsyon sou pwogram espesifik la, ak kisa ou ka espere sou kesyon kalite kontni, e dire pwogram lan
Demann pou ou enskri nan pwogram swen
Lè ou jwenn yon pwogram swen ou ta renmen enskri:
Tape bouton âDemann pou w enskri (Request to enroll)â a anba nan ekran an
L ap afiche yon bwat k ap di yo pral voye demann ou an bay ekip swen w lan pou l apwouve l, e si w gen plis kesyon ou dwe kontakte yo dirèkteman pou diskite
Si ou swete kontinye avèk demann lan, tape âDemannâ si non, tape âAnileâ
Finalman, si ou te tape âDemannâ, yon bwat ap parèt pou fè w konnen demann ou an te ale avèk siksè, l ap konfime yo pral notifye w si demann ou an apwouve oswa refize.
Kou yo te fè demann yon pwogram swen, w ap wè yon notifikasyon demann akote tit pwogram lan kote w wè lis la.
REMAK:Ou ka mande sèlman YON pwogram swen alafwa. Jiskaske Ekip Swen ou a apwouve oswa refize aktyèl ou a, ou pa kapab mande pou w rantre nan yon lòt pwogram paske yo revize sa yo ka pa ka. Sepandan, ou ka tape “Chat ak Ekip Swen ou a” sou nenpòt lòt pwogram ou ka enterese pou diskite sou yo ak Ekip Swen ou a.
Demann apwouve
Si ekip swen an aksepte demann ou an pou w jwenn yon pwogram swen, w ap resevwa yon notifikasyon sou ekran akèy aparèy ou a ki di, âDemann pwogram apwouveâ
Si w te gentan ap itilize aplikasyon an nan lè w t ap ranpli a, w ap wè pito, yon bwat parèt nan fon ekran aplikasyon la k ap konfime menm bagay la, avèk yon opsyon âwèâ ekran aplikasyon an konplètman pou ou ka komanse.
Demann refize
Si ekip swen w lan refize yon demann pou w jwenn yon pwogram swen, w ap resevwa yon notifikasyon sou ekran akèy aparèy ou a ki di âDemann pwogram refizeâ
Si w deja ap itilize aplikasyon mobil la nan moman yo dekline yon demann, ebyen ou pral wè yon ti fenèt (box) parèt anba ekran aplikasyon an ki bay menm konfimasyon an men l ap gen yon opsyon âVoye Mesajâ bay Ekip Swen w lan pou pale plis dou obkektif sante w yo (sa pral mennen w nan fenèt tchat la)
Onglè PwofilÂ
Onglè Profile la (pwofil) se kote w ap wè kantite jou w ap itilize aplikasyon an, plis detay sou pwogram swen ou enskri nan yo a, epi kote w ka jere medikaman w ak/oswa rapèl sante w yo. Ou ka jwenn aksè nan reglaj kont ou tou lè w peze senbòl angrenaj la ki anwo adwat onglè a.
Pwogram Swen Ki Enskri
Men kote ou ka wè nan ki pwogram swen ou enskri. Lè w peze kat pwogram swen ou chwazi a, sa ap pèmèt ou wè plis enfòmasyon an detay sou pwogram nan. Ou ka sòti nan ekran enfòmasyon pwogram swen elaji a lè w peze flèch oryante annaryè nan anwo agoch sou onglè a.
Enfòmasyon sou pwogram swen elaji yo ap gen ladan yo:â
Deskripsyon pwogram swen ou aâ.
Dire ki prevwa pou pwogram swen ou aâ.
Tip kontni ki enkli nan pwogram swen ou a. â
Kapasite pou w tchat fasilman ak ekip swen w lan pa mwayen bouton “chat with care team” lan (tchat ak ekip swen).
Rapèl (Medikaman Ak Sante)
Rapèl pou MedikamanÂ
Rapèl pou pran medikaman yo enpòtan pou siksè jeneral nan demach jesyon swen ou yo! Aplikasyon an ofri yon fonksyon Rapèl pou Pran Medikaman konplè ki fasil pou fè aranjman epi ki pèmèt ou menm ak Ekip Swen w lan jere medikaman w yo.Â
Pou Ajoute yon Rapèl Medikaman:Â
Ou ka ajoute yon rapèl pou ou pran medikaman nan plizyè zòn nan aplikasyon an.Â
Onglè Lis Verifikasyon: Peze bouton â+ Addâ (ajoute) la nan kwen anwo adwat ekran an, apresa chwazi âMedication Reminderâ (Rapèl pou Ou Pran Medikaman)Â
Onglè Pwofil: Defile desann epi peze sou bouton â+ Add Medicationâ (Ajoute Medikaman) an sou ekran an.Â
Tape non medikaman an ou pral pran. Sijesyon ki koresponn ak sa w ap tape pral kòmanse parèt pou seleksyon apre ou fin antre 3 karaktè oswa plis.Â
Chwazi medikaman ki koresponn nan. Â
Si ou pa wè okenn sijesyon pandan w ap tape, ou ka antre non medikaman an alamen. Pa ezite mete ladan emoji ak karaktè espesyal! Lè w fini, klike sou bouton + Ajoute pou konsève non medikaman an pou rapèl ou a.Â
Apre w fin ajoute non medikaman an, peze sou chan âRepeatâ (Repete) a pou ou chwazi konbyen fwa rapèl ou yo ta dwe rive.   Men chwa ou genyen yo:Â
Yon fwaÂ
Chak JouÂ
Chak semèn – Si w chwazi chak semèn ou ka seleksyone ki jou nan semèn nan ou vle rapèl ou a rive.Â
Chak Mwa, – Si w chwazi chak mwa ou ka seleksyone ki jou nan mwa a ou vle rapèl ou a rive.Â
Jan Ou Vle l la. – opsyon sa a ap ba ou yon opsyon anplis kote ou ka chwazi kantite fwa ou vle rapèl la repete nan jou, semèn oswa mwa yo (selon chwa ou fè a). Â
Epitou sa a pral bay yon opsyon anplis (anba âstart date/end dateâ la), kote y ap mande w pou w chwazi jou nan semèn nan oswa dat nan mwa ou vle rapèl la fèt la. Â
Apresa, chwazi yon “start date”” (dat li kòmanse) ak “end date” (dat l ap fini) pou rapèl la. Â
Si w te chwazi yon dat finisman, asire w bouton âSet End Dateâ la (defini dat finisman) aktive. Â
Si w pa vle rapèl la fini, kite reglaj sa a sou âNeverâ (jamè)Â
Finalman, peze opsyon âTimeâ (lè) a pou w chwazi a ki lè ou ta renmen rapèl la rive. Remak: Peze â+ Add a timeâ (ajoute yon lè) pou ou fikse lè anplis pa jou si sa a nesesè (maksimòm 12 antre lè pa jou, pou chak rapèl).Â
Peze sou âCreateâ (Kreye) nan anwo adwat ekran an.
Pou modifye yon Rapèl Medikaman ki deja egziste:Â
Nan onglè âProfileâ (pwofil) la, glise desann epi seleksyone rapèl pou ou pran medikaman ou vle modifye a (ou ka bezwen peze âLoad Moreâ (chaje plis) si w gen plis pase 5 rapèl aktif pou ou pran medikaman)Â
Peze sou chan ou vle modifye a (yo) si w vle modifye epi fè chanjman ou yo.Â
Peze âSaveâ (Konsève) nan anwo adwat ekran an.
Remak: Nenpòt modifikasyon nan yon rapèl ap pran efè nan jou ki vin apre a – si ou pa fin ranpli rapèl jodi a, w ap toujou wè li nan lis verifikasyon ou an jodi a.
Pou siprime yon Rapèl Medikaman:Â
Nan onglè âProfileâ (pwofil) la, defile desann epi seleksyone rapèl pou ou pran medikaman ou vle efase a (ou ka gen pou w peze âLoad Moreâ (chaje plis) si w gen plis pase 5 rapèl aktif pou ou pran medikaman).Â
Peze bouton âDeleteâ (efase) a. Â
Rapèl Sante yoÂ
Anplis Rapèl Medikaman, ou kapab pwograme tou rapèl pou lòt aktivite ki gen rapò ak sante. Pa egzanp, ou ka mete yon rapèl pou âDrink Waterâ (bwè dlo), oswa âTake a Walkâ âAle Pwomennenâ.Â
Pou Ajoute yon Rapèl Sante:Â
Ou ka ajoute yon rapèl pou ou pran medikaman nan plizyè zòn nan aplikasyon an.Â
Onglè Lis Verifikasyon: Peze bouton â+ Addâ (ajoute) a nan kwen anwo adwat ekran an, apresa chwazi âHealth Reminderâ (Rapèl sou Sante)Â
Onglè Pwofil: Defile desann epi peze sou opsyon â+ Add Health Reminderâ (Ajoute Rapèl sou Sante) sou ekran an.Â
Antre “Name” (Non) rapèl ou a.Â
Antre yon nòt opsyonèl. W ap ka wè nòt sa a lè rapèl la louvri nan seksyon Lis Verifikasyon an, epi Ekip Swen w lan ap ka wè li tou.Â
Apre ou fin ajoute non Rapèl sou Sante a, peze chan âRepeatâ (Repete) a pou ou chwazi konbyen fwa rapèl ou yo ta dwe fèt.   Men chwa ou genyen yo:Â
Yon fwaÂ
Chak JouÂ
Chak semèn – Si w chwazi chak semèn ou ka seleksyone ki jou nan semèn nan ou vle rapèl ou a fèt.Â
Chak Mwa, – Si w chwazi chak mwa ou ka seleksyone ki jou nan mwa a ou vle rapèl ou a fèt.Â
Jan Ou Vle l la. – opsyon sa a ap ba ou yon opsyon anplis kote ou ka chwazi kantite fwa ou vle rapèl la repete nan jou, semèn oswa mwa yo (selon chwa ou fè a). Â
Epitou sa a pral bay yon opsyon anplis (anba âstart date/end dateâ la), kote y ap mande w pou w chwazi jou nan semèn nan oswa dat nan mwa ou vle rapèl la fèt la. Â
Apresa, chwazi yon “start date” (dat li kòmanse) ak “end date” (dat l ap fini) pou rapèl la. Â
Si w te chwazi yon dat finisman, asire w bouton âSet End Dateâ la (defini dat finisman) aktive. Â
Si w pa vle rapèl la fini, kite reglaj sa a sou âNeverâ (jamè). Â
Apresa, chwazi dat li kòmanse a, lè, ak konbyen fwa ou vle wè rapèl laÂ
Apresa, peze âSaveâ (Konsève).Â
Pou Modifye yon Rapèl Sante:Â
Nan seksyon “Pwofil” ou a, desann meni dewoulan an epi chwazi rapèl sou sante ou vle modifye a (ou ka bezwen tape sou “Montre plis” si ou gen plis pase 5 rapèl sou sante ki aktif)Â
Apre sa, tape sou “Modifye” nan kwen anwo adwat laÂ
La a, ou ka modifye non, dat, konbyen fwa, oswa lè rapèl sante w la.Â
Peze âSaveâ (Konsève). Â
Remak: Nenpòt modifikasyon nan yon rapèl ap pran efè nan jou ki vin apre a – si ou pa fin ranpli rapèl jodi a, w ap toujou wè li nan lis verifikasyon ou an jodi a.
Pou efase yon Rapèl sou Sante:Â
Nan seksyon âProfileâ (Pwofil)ou a, defile desann epi chwazi rapèl sou sante ou vle efase a (ou ka bezwen peze âLoad Moreâ (Montre Plis) si w gen plis pase 5 rapèl aktif sou sante)Â
Peze âDelete.â (Efase). Â
Remak: Lè w efase yon rapèl, l ap pran efè nan jou ki vin apre a – si ou pa t fin ranpli rapèl jodi a, w ap toujou wè li nan lis verifikasyon w lan jodi a.
Paramèt
Meni Paramèt la nan seksyon Pwofil la epi ou ka jwenn li lè w peze senbòl reglaj la (wou dante a) ki anwo adwat ekran an.Â
Meni sa a ba w aksè ak Politik sou Konfidansyalite yo epi li pèmèt ou kontwole epi pèsonalize fason ou vle aplikasyon an fonksyone. Â
Kont
Imel: Adrès imel ki anrejistre sou kont ou an.
Aksè Aplikasyon: Non ak Kontak founisè swen sante w la.
Vèsyon Aplikasyon: Vèsyon aplikasyon ou genyen ki enstale kounye a.
Jere kont lan:
Anile Kont: Lè w tape opsyon sa a, sa ap mennen w nan onglet Chat la epi w ap ranpli yon mesaj anvan ekip swen w la pou mande yo anile kont Jesyon Swen w lan. Ekip Swen an pral reponn pou diskite sou demann sa a avèk ou pou konfime desizyon w la.
Efase kont: REMAK: DEMANN SA A SE POU EFASE TOUT DONE OU NAN APLIKASYON AN. DONE YO PAP KAPAB REKOUPERE. SI OU SIMPLE SOU VLE PA PATISIPE ANSANM NAN GESTION SWEN, TANPRI KLIKE SOU OPTION KI PI wo a.
Lè w beze bouton sa a, l ap kreye yon bwat mesaj enstantane k ap mande pou w ekri “efase” nan bwat la pou konfime ke ou vle efase kont ou an epi apresa peze “efase” ankò. Sa pral voye yon imel bay ekip sipò teknik Wellframe lan, ki pral kòmanse pwosesis pou anile kont lan yon fwa yo resevwa demann lan. Si ou pa vle efase kont ou an, peze “Anile.”
NOTIFIKASYONÂ
Notifikasyon Enstantane yo
Rapèl pou Lis Kontwòl: La a ou ka chwazi konbyen fwa ou ta renmen resevwa notifikasyon sou aparèy ou an pou fè w sonje aktivite ou gen pou w fè nan lis kontwòl ou a. Ou kapab dezaktive notifikasyon lis kontwòl lè w klike sou bouton “aktive” a
Dat Evènman Sante: Sa a ap voye yon rapèl lè ou bezwen antre yon dat, tankou “Dat livrezon” oswa “Dat Operasyon”. Remake byen paramèt sa a aplikab sèlman si w nan yon Pwogram Swen ki “Baze Sou Dat”
Reyalizasyon Objektif nan Pa :La a ou ka aktive ak dezaktive si ou vle oswa si ou pa vle yo avèti w lè w reyalize objektif kantite pa ou te fikse pou jounen an.
Son Pou Travay Ki Fini: Aktive/dezaktive son an lè w fin ak yon travay.Â
KONTĂ PAÂ
Lis Verifikasyon pou Kontwole Kantite Pa: Suiv kantite pa ou fè apati lis verifikasyon ou an epi fikse yon objektif pou chak jou.
Suiv Pa yo Otomatikman: Si opsyon sa a pa aktive, ou dwe antre pa w yo manyèlman.
GLIKOZ NAN SAN
Glikomèt: Opsyon sa a ap parèt sèlman si w ap senkwonize relve sik nan san kounye a ak aplikasyon an atravè yon aparèy glikomèt. Paramèt sa a pèmèt ou konekte/dekonekte aparèy sa yo.
Ajoute yon Aparèy: Pèmèt ou konekte ak yon aparèy glikoz atravè Bluetooth.Â
Si ou deja gen yon aparèy konekte, Non Aparèy la ap parèt la a.
PARAMĂT SEKIRITE
Vewouyaj Ekran: Pèmèt ou aktive sekirite siplemantè pou aplikasyon an lè w mande yon PIN oswa yon ID figi.
Preferans pou Itilizasyon Done:
Aksepte Itilizasyon Done: La a ou ka aktive ak dezaktive si w ap otorize Wellframe kolekte epi analize done pandan w ap itilize aplikasyon anÂ
Aksepte Imèl yo: La a ou ka aktive ak dezaktive si w ap otorize Wellframe voye anons ba ou nan kont adrès imel ou detanzantan konsènan mizajou ak sèvis resan yoÂ
Aksepte Rapò Done yo: La a ou ka aktive ak dezaktive si w ap otorize Wellframe mande w pou w bay fidbak detanzantan konsènan eksperyans ou ak pwodui WellframeÂ
Sipò ak Fidbak
Sant èd: Sa pral louvri sitwèb Sant Sipò pou Manm Wellframe nou an, kote ou ka konsilte gid yo pou w konnen chak fonksyonalite aplikasyon an
Bay fidbak: Sa a lakòz yon bwat kòmantè parèt kote yo pral mande w sijere nenpòt amelyorasyon nan karakteristik yo
RĂGLEMAN AK AKĂ
Règleman sou Konfidansyalite: Gade dènye Règleman sou Konfidansyalite ki genyen pou aplikasyon an.
Kontra Lisans Itilizatè Final: Gade dènye Kontra Lisans Itilizatè Final la pou aplikasyon an.
Sous lib: Gade dènye direktiv yo sou fason Wellframe itilize lojisyèl Sous lib pou l ka kontinye devlope ak inove eksperyans itilizatè
Mansyon legal yo: Gade dènye avi legal yo ki genyen pou aplikasyon Wellframe lan
Dekonekte: Klike la a pou ou dekonekte nan aplikasyon an. Remak: Ou pa bezwen dekonekte chak jou. Aplikasyon an rete an sekirite, epi lè w dekonekte, sa a ka lakòz ou pa jwenn notifikasyon enpòtan.