Skip navigation

Konfidansyalite Ak Sekirite Sosyal

  • Règleman Konfidansyalite Vi Prive

    Nou devlope yon Règleman Konfidansyalite Vi Prive ki souliye angajman nou pou n pwoteje Enfòmasyon Pèsonèl sou Sante w (PHI) ak nenpòt lòt done ki transmèt nan oubyen ki rantre sou platfòm Wellframe nan.

    Li Règleman Konfidansyalite Vi Prive a okonplè la a.

    Ou kapab gade règleman an sou aplikasyon Wellframe nan tou lè w tape sou anjen Paramèt la ( (anjen) ), apresa Règleman Konfidansyalite Vi Prive.

    Si w genyen plis kesyon, voye yon imèl bannou nan support.wellframe.com.

  • Efase Done Mwen

    Apre ou fin efase done w yo, ou p ap kapab jwenn yo ankò. Ou p ap kapab konekte ak ekip swen w lan ankò atravè platfòm aplikasyon an sof si ou ouvri yon nouvo kont.  

    Si w vle jis fèmen kont ou, tanpri voye yon mesaj tchat, atravè aplikasyon an, bay Ekip Swen w lan pou ou fè yo konnen ou pa vle patisipe ankò nan Jesyon Swen. 

    Si w vle kontinye ak pwosesis pou ou efase done w yo, tanpri ale nan “Settings”> “Manage Account” (Paramèt>Jere Kont ou), nan aplikasyon an, epi klike sou opsyon “Delete Account” (Efase Kont ou) an. Yo pral mande w pou ou konfime lè w tape “delete” (efase) epi klike “Delete” (efase). Sa a pral voye demann ou an bay Ekip Sipò Teknik lan. 

  • Kontra Lisans Itilizatè Final (EULA)

    Pou itilize aplikasyon an, tout itilizatè yo dwe li epi dakò ak politik Kontra Lisans Itilizatè Final la. Li politik Kontra Lisans Itilizatè Final konplè a.(End-User License Agreement policy, EULA) la

    Pou ou wè politik la sou aplikasyon an, klike sou Paramèt yo ki nan onglè Pwofil la ((rueda dentada)), apresa desann ale nan Kontra Lisans Itilizatè Final la. Si w gen plis kesyon, voye yon imèl nan [email protected].  

  • Ajoute Yon Pwoteksyon Ak Modpas Nan Aparèy Ou

    Pou w sekirize enfòmasyon pèsonèl sou sante w, nou rekòmande w pou w aktive yon modpas oubyen Touch ID pou debloke telefòn ou. Lè w ajoute yon pwoteksyon ak modpas oubyen Touch ID sa ede asire ke w se sèl moun ki kapab aksede aplikasyon Wellframe nan (ak tout lòt aplikasyon sou telefòn ou).

    Modpas la se yon nimewo ak 4 a 6 chif ke wap tape apre ekran an vin tou nwa pou w debloke telefòn entelijan oubyen tablèt ou a. Touch ID a se yon eskanè anprent ki disponib sou plizyè nouvo aparèy ki fonksyone menm jan ak yon modpas. Ou kapab ajoute yon modpas oubyen Touch ID nan opsyon paramèt la sou aparèy ou a.

    iPhone

    Pou w ajoute yon Modpas:

    1. Ale sou “Paramèt” nan iPhone.
    2. Tape sou “Touch ID & Modpas.”
    3. Tape sou “Aktive Modpas.”
    4. Rantre yon modpas ki gen 6 chif — se modpas sa a ou pral rantre chak fwa pou debloke telefòn ou. Si w ta pito yon modpas ki gen 4 chif oubyen yon modpas alfanimerik, tape sou “Opsyon Modpas” la pou w aktive paramèt modpas pèsonalize a.
    5. Rantre modpas ou ankò pou w aktive modpas la sou telefòn ou.

    Pou plis enfòmasyon sou Modpas: al gade nan sipò pou Apple.

    Pou w ajoute yon Touch ID:

    Tanpri sonje ke anvan ou kapab konfigire Touch ID w la, se pou w kreye yon modpas pou aparèy ou epi fè sa yo di pi wo a.

    1. Ale sou “Paramèt” nan iPhone ou a.
    2. Tape sou “Touch ID & Modpas.”
    3. Tape sou “Ajoute yon Anprent” (*Note: ou kapab rantre plis pase yon sèl anprent pou w debloke telefòn ou).
    4. Suiv enstriksyon sou ekran an pou w aktive Touch ID pou w debloke telefòn ou.

    Pou plis enfòmasyon sou Touch ID: al gade nan sipò pou Apple.

    Pou w ajoute Face ID (iPhone X sèlman):

    Face ID debloke telefòn avèk rekonesans fasyal alaplas eskanè anprent Touch ID a.

    1. Ale sou “Paramèt” nan iPhone ou a.
    2. Tape sou “Face ID & Modpas.”
    3. Tape sou “Konfigire Face ID.”
    4. Suiv enstriksyon sou ekran an pou w aktive Face ID pou w debloke telefòn ou.

    Pou plis enfòmasyon sou Face ID: al gade nan sipò pou Apple.

    Android

    1. Ale sou “Paramèt” nan Android ou a — li pral parèt kòm yon ikòn anjen nan seksyon aplikasyon sou telefòn ou.
    2. Nan paramèt yo, defile desann rive nan seksyon “Bloke Ekran & Sekirite.”
    3. Chwazi “Tip bloke ekran” wap ka chwazi pami detwa opsyon:
      • Okenn: pa bloke ekran an.
      • Glise: glise sou anwo pou w debloke telefòn ou.
      • Chema: trase yon chema sou yon griy 9 pwen pou w debloke telefòn ou.
      • Pin: rantre yon pin nimerik ki gen 4 chif oubyen plis pou w debloke telefòn ou.
      • Modpas: rantre yon modpas alfanimerik ki gen 4 karaktè oubyen plis pou w debloke telefòn ou.
    4. Chwazi nenpòt opsyon ki pa “Okenn” ki pi wo a epi suiv enstriksyon pou kreye modpas pou ekran bloke w la pou w rantre achak fwa pou w debloke telefòn ou.

    Pou plis enfòmasyon sou Sekirite: al gade nan Èd pou Android.

  • Règleman Bonbon

    Nou itilize cookies pou ede nou amelyore, prezante, epi pwoteje sèvis nou yo. Lè w kontinye itilize sit la, ou dakò pou w pèmèt nou sofgade epi aksede cookies sou navigatè w la.

    Pou plis enfòmasyon, tanpri revwa Règleman konsènan Cookie nou an. Al gade atik sa a pou w li Règleman konsènan Cookie a okonplè.

    Si w genyen plis kesyon, voye yon imèl bannou nan [email protected].

Toujou Bezwen Èd?