Skip navigation

Byenvini nan Wellframe! Wellframe se yon pwogram sante gratis pou aparèy mobil ou (telefòn entelijan oswa tablèt) ki ede w jere sante w lè w pa nan klinik doktè a. Wellframe ap ba ou enfòmasyon sante ki pèsonalize epi konekte ou ak yon manadjè swen ak lòt pwofesyonèl sante pou sipòte ou epi reponn kesyon yo. Pou kòmanse, w ap jwenn anba a plis enfòmasyon sou fason pou w telechaje Wellframe sou telefòn mobil ou ak fason pou w kreye nouvo kont ou an! 

Konpatibilite Aparèy 

Aplikasyon Wellframe nan konpatib avèk aparèy ak sistèm eksplwatasyon sa yo:  

Apple

Aparèy yo:  

  • iPhone 6S ak pi wo. 
  • iPad mini 4 ak pi wo. 
  • iPad 9yèm jenerasyon ak pi wo. 
  • iPod Touch 7yèm jenerasyon ak pi wo.  

Sistèm eksplwatasyon: 

  • iOS15 ak pi wo.

Remak: Si w gen iOS 14 sou aparèy ou a kounye a, ou toujou kapab itilize aplikasyon an, men, nouvo mizajou Wellframe yo p ap fèt.  

Android

Aparèy yo: 

  • Nenpòt telefòn Android oswa tablèt ki gen yon Sistèm Eksplwatasyon ki konpatib.  

Sistèm eksplwatasyon:  

  • Vèsyon 9.0 (Pie) ak pi wo (10, 11, 12, 13 e 14).  
Aplikasyon Wellframe nan PA konpatib avèk aparèy ak sistèm eksplwatasyon sa yo: 
  • Aparèy Windows.  
  • Aparèy Blackberry ki pa gen aksè a Google Play Store la.  
  • Android Revvl Plus.  
  • Aparèy ki Woute oswa Jailbroken. 
  • Tablèt pou lekti (Kindle, Amazon Fire).  
  • Yon òdinatè tab oswa laptòp.  

Remak: Byenke w kapab telechaje aplikasyon Wellframe nan sou yon aparèy ki woute, ou pap kapab louvri aplikasyon an. Alaplas, ou pral wè yon ekran blan anvan aplikasyon an fèmen. 

Aparèy ou ka pote sou kò w kapab pataje enfòmasyon avèk aplikasyon an atravè Apple Health oswa Google Fit. Pou plis enfòmasyon sou fason pou w regle kontè pa yo sou telefòn ou an, ale sou atik sa yo pou pa iPhone yo oswa pa Android yo. 

Telechaje Aplikasyon An 

Pou w telechaje aplikasyon an, louvri navigatè entènèt la sou telefòn entelijan w nan epi tape “www.wellframe.com/download” nan ba URL ki anwo nan ekran an. 

Chwazi imaj pou Apple App Store la (aparèy iPhone/iPad) oswa Google Play Store (aparèy Android) pou w louvri paj pou telechaje aplikasyon an. Dèke w sou paj app store la, suiv enstriksyon pi ba yo pou w telechaje aplikasyon an sou aparèy ou a: 

iPhone

Tape “Enstale” pou w telechaje aplikasyon Wellframe nan sou telefòn entelijan w nan. 

Android

Tape “Enstale” pou w telechaje aplikasyon Wellframe nan sou telefòn entelijan w nan.

Enfòmasyon Pou Konekte Sou App Store La 

Lè w ap telechaje aplikasyon an nan Apple App Store oswa Google Play Store, yo ka mande w pou w mete enfòmasyon pou w konekte w si w poko konekte oswa si w pa gen yon kont. 

iPhone

Si ou bliye Idantifyan (ID) Apple ou oswa modpas ou: 
  1. Louvri Paramèt yo sou iPhone ou.
  2. Glise ekran desann epi klike sou “iTunes & App Store.” 
  3. Si w konekte, Idantifyan (ID) Apple ou a (yon adrès imel) ap parèt an ble nan tèt ekran an. 
    • Pou reyinisyalize modpas ou pou Idantifyan (ID) Apple ou a, klike sou Idantifyan (ID) Apple ou a. 
    • Chwazi, “Mwen bliye.” 
    • Swiv enstriksyon yo ki sou ekran an pou reyinisyalize modpas ou a. 
  4. Si ou pa konekte, w ap wè “Konekte” ekri nan koulè ble nan tèt ekran an. Anba “Konekte” w ap wè l di, “Ou bliye Apple ID oswa Modpas?” an ble. 
    • Pou reyinisyalize Apple ID ou, klike sou “Ou bliye Apple ID oswa Modpas ou?” epi klike sou “Ou bliye Apple ID.” Apresa swiv enstriksyon yo ki sou ekran an. 
    • Pou reyinisyalize modpas ou pou Apple ID ou a, klike sou “Ou bliye Apple ID oswa Modpas ou”. Mete Apple ID ou epi swiv enstriksyon yo ki sou ekran an pou reyinisyalize modpas ou. 
  5. Yon fwa yo reyinisyalize modpas ou a, tounen nan app store la, Chèche Wellframe, klike PRAN epi mete Apple ID ou ak modpas ou si yo mande l. 

Pou plis enfòmasyon sou fason pou rekipere Apple ID ou oswa modpas ou, tanpri ale nan Apple Support

Si ou bezwen kreye yon kont Apple App Store: 

Pou kreye yon kont Apple App Store san w pa antre enfòmasyon sou peman, tanpri ale sou Apple Support

Android

Si ou bliye enfòmasyon pou konekte Google Play ou a: 
  1. Non itilizatè Google Play ou a se adrès imel ou itilize pou w konekte nan kont Google ou sou telefòn Android ou oswa tablèt ou a. W ap bezwen li pou jwenn aksè epi telechaje aplikasyon Wellframe lan nan Google Play Store. 
    • Ale sou atik sa a pou chèche non itilizatè Google Play ou a oswa reyinisyalize modpas ou epi swiv enstriksyon yo ki sou ekran an. 

Pou plis enfòmasyon sou fason pou rekipere enfòmasyon kont Google ou yo, ale nan Google Support

Si ou bezwen kreye yon kont Google Play: 

Pou w jwenn enfòmasyon sou kijan pou w konfigire yon kont Google Play ale sou Google Support

Premye Fwa W Ap Konekte 

Kreye Kont Mwen 

Byenvini nan Wellframe! Nou kontan pou n ede w demare nan aplikasyon mobil la. Apre w fin telechaje aplikasyon an sou esmatfòn oswa tablèt ou an, louvri aplikasyon an pou w kreye kont ou. 

Men etap pou w kreye kont ou nan aplikasyon Wellframe nan: 

  1. Apre w fin louvri aplikasyon an, tape sou “Anrejistre.” 
  2. Apresa yo pral mande w antre kòd aksè w la. Se yon manm ekip swen w lan kap ba w kòd sa a (yo te ka fè sa an pèsòn, nan yon mesaj tèks oswa nan imèl, oubyen nan yon bwochi). Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kòd aksè w la. Tape sou boutan ki pa anba ekran an pou w kontinye. 
  3. Apre w fin antre kòd aksè w la, yo ka mande w antre enfòmasyon anplis pou w konfine elijiblite w pou Wellframe Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon elijiblite yo. 
  4. Pou w anrejistre, se pou w antre kèk enfòmasyon kontak debaz. 
  5. Pou w kreye enfòmasyon pou konekte w la, antre adrès imèl ou epi kreye yon modpas. Modpas ou a dwe gen omwen 8 karaktè epi li dwe gen omwen yon lèt, yon chif, ak yon karaktè espesyal. Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou anrejistreman ak kijan pou kreye yon kont. 
  6. Tcheke ti kare a pou w aksepte Kontra Lisans Itilizatè Final Wellframe lan (End User License Agreement, (EULA).  
    Sou paj Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, defile desann rive anba paj la epi prese sou Aksepte & Konplete Anrejistreman an. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou EULA ak Politik sou Konfidansyalite, klike la a
  7. Finalman, yo pral mande w finalize konfigirasyon kont ou a: 
    • Aktive Notifikasyon Push yo, Otorizasyon Kontè Pa, epi opsyon sekirite siplemantè pou aplikasyon an. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w etabli notifikasyon dirèk ak detektè aktivite fizik yo klike la a
  8. Avèk sa, tout afè w pare! Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou fonksyon aplikasyon mobil la. 
Ekran akèy Wellframe
Welcome Screen

Kòd Aksè 

Kòd Aksè a se kòd yon manm lan ekip swen w lan ba w dirèkteman, oswa ou resevwa l nan men òganizasyon esponnsò a pa imel, bwochi, oswa kourye. W ap bezwen kòd sa a pou w ka enskri nan Wellframe. 

Kòd ou a pral swa lèt sèlman, oswa lèt ak chif. Fè ansòt ou antre tout lèt yo ak karaktè miniskil epi san okenn espas lè wap tape kòd ou a. 

Yon foto ekran ki montre kòman pou antre kòd aksè a nan aplikasyon an
Li enpòtan pou ou itilize kòd espesifik ou a pou kèk rezon: 
  • Li pèmèt nou ofri yon pwogram swen ki pèsonalize pou ou epi ki adapte a bezwen ou yo, dirèkteman sou aparèy mobil ou a. 
  • Li konekte aplikasyon w lan ak tablodbò ekip swen w lan pou yo ka swiv pwogrè w yo epi ba w sipò chak jou. 

Dèke w fin itilize kòd ou a pou w anrejistre w, ou pap kapab itilize l ankò. Asire w anrejistre imèl ou ak modpas ou pou w ka konekte sou kont ou an alavni. 

Si w pa  resevwa yon kòd aksè, Wellframe pa disponib pou enskripsyon lib. Si yo te envite w itilize aplikasyon an men ou pa sèten ki kòd aksè pou w itilize, tanpri kontakte òganizasyon ki patwone w lan, ekip swen oswa founisè ki te prezante w Wellframe lan pou w jwenn kòd aksè ki apwopriye pou w itilize a. 

Elijiblite 

Pandan pwosesis abònman an, yon fwa w fin chwazi pou kimoun w ap itilize aplikasyon an, y ap mande w pou w mete plis enfòmasyon pou w pase yon tès kalifikasyon. Enfòmasyon yo mande yo pral depann de sa òganizasyon ki patwone w la mande a. 

Ou pral gen pou antre ou:

  • ID manm.
  • Dat nesans.

Pa enkyete w, aplikasyon an ap fè w konnen ki enfòmasyon ou dwe antre! 

Enfòmasyon Idantifikasyon Manm 

Ou kapab jwenn nimewo Idantifikasyon Manm ou a sou kat asirans ou an. Pou w jwenn enfòmasyon sou fason pou w mete Idantifikasyon Manm ou an, tanpri gade egzanp kat Idantifikasyon Manm ki parèt sou ekran an. Ap gen tèks anplis tou, anba imaj Idantifikasyon Manm lan, pou ede w ekri nan fòma ki kòrèk la. Tanpri asire w ke Idantifikasyon Manm ou an pa gen espas oswa tirè. 

  • Si ou pa gen kat asirans ou an, tanpri kontakte òganizasyon ki patwone w la dirèkteman. 
  • Si w ap antre enfòmasyon an fason yo montre w la, epi w pa ka kontinye, tanpri klike sou bouton “MWEN BEZWEN ÈD.” 
Yon foto ekran ki montre ki kote pou jwenn ID manm lan sou kat asirans lan

Dat Nesans

Apre ou fin antre Nimewo Idantifikasyon Manm ou, ou pral mete Dat Nesans ou. Pou antre Dat Nesans ou, ale nan dat yo ki nan kalandriye seleksyon an epi chwazi Mwa, Jou, ak Ane ki kòrèk la, epi klike sou “SOUMÈT.” 

Remak: Si w se yon manm fanmi oswa yon moun k ap bay swen ki ap itilize Wellframe sou non yon lòt moun, tanpri gade atik sa a konsènan patisipasyon moun k ap bay swen pou w jwenn plis detay. Ou ka bezwen enstriksyon espesifik ekip swen w lan oswa ekip Wellframe la ap bay sou fason pou w antre enfòmasyon sou kalifikasyon yo. Tanpri rantre an kontak ak ekip swen w lan oswa kontakte nou nan support.wellframe.com pou w jwenn plis ensktriksyon. 

Yon foto ekran ki montre kòman pou konfime dat nesans nan aplikasyon an

Enskripsyon 

Fini Pwofil Ou

Lè w rive sou paj Anrejistreman an nan pati akèy la, ou ka wè ke enfòmasyon w yo deja la. Nan ka sa a, tou senpleman verifye ke enfòmasyon w nan kòrèk e kontinye nan pwochen paj la. 

Si enfòmasyon ou yo pa parèt otomatikman, w ap bezwen antre:

  • Non.
  • Sèks.
  • Dat nesans.
  • Eta rezidans.
  • Nimewo telefòn.
Yon foto ekran ki montre kòman pou ranpli enfòmasyon pwofil yo

Kreye Enfòmasyon Koneksyon Ou

Pou w Kreye enfòmasyon koneksyon pou Wellframe ou a, wap gen pou w rantre adrès imèl ou epi kreye yon modpas. Adrès imel ou antre a se sila nou pral itilize pou kontakte w si w te bliye modpas ou epi w bezwen risèt li. Si w pa gen yon adrès imèl, lè sa a ou ka kreye youn gratis avèk sèvis tankou Gmail oswa Yahoo

Yon foto ekran ki montre kòman pou konfigire koneksyon yon kont

Modpas ou bezwen sèlman omwen uit karaktè longè, epi li gen ladan tout sa ki pral site la yo: 

  • Omwen 1 lèt. 
  • Omwen 1 chif. 
  • Omwen 1 karaktè espesyal (pa egzanp !@#$%&). 

Yon fwa ou fin kreye adrès imel la, klike sou “Kontinye” pou w ale nan Kontra Lisans Itilizatè Final ak Politik sou Konfidansyalite Wellframe lan

Aksepte EULA Ak Politik Konfidansyalite

Kontra Lisans Itilizatè Final la ak Politik Konfidansyalite a fè w konnen ki enfòmasyon Wellframe kolekte nan aplikasyon an epi kijan li itilize done sa yo. Nou kolekte enfòmasyon pèsonèl ki nesesè pou pasyan yo itilize pwodui a ak sèvis konèks yo, e pou amelyore pwodui a. Wellframe retire enfòmasyon ki ka idantifye moun e l rann ni anonim tout lè sa posib pou respekte enfòmasyon pèsonèl moun. 

Pou w kreye enfòmasyon pou konekte w sou kont lan, wap gen pou w aksepte kondisyon Kontra Lisans Itilizatè Final la. Tcheke kaz la pou w aksepte kondisyon yo. 

Nan pwochen paj la, yo pral mennen w sou Politik Konfidansyalite Wellframe. Defile desann rive anba ekran an pou w peze “Accept (aksepte).” 

Remak: Bouton “Aksepte” a p ap limen pou w itilize l jiskaske ou fin egzamine tout Politik Konfidansyalite a. 

Yon foto ekran ki montre Règleman Konfidansyalite Wellframe lan nan aplikasyon an

Tou de dokiman yo disponib pou w egzamine nan seksyon Reglaj nan aplikasyon an. Ou ka konsilte tou Kontra Lisans Itilizatè Final Wellframe lan tou lè w vizite atik sa a epi Politik Konfidansyalite a lè w vizite atik sa a

Finalize Kont Ou 

Apre ou fin kreye kont Wellframe ou an, ou pral wè kèk ekran avèk yon vizit gide nan onglè prensipal aplikasyon an, sa gen ladan yon videyo ki ba w yon demonstrasyon sou karakteristik aplikasyon an. Ou ka glise nan onglè sa yo youn pa youn, oswa peze X la anwo adwat nan aplikasyon an pou w kite vizit gide a.  

Anplis, w ap wè yon endikasyon sekirite ki ba w konsèy sou avantaj ki genyen nan ajoute yon pwoteksyon kòd aksè, Touch ID ak/oswa Face ID (aparèy Apple sèlman) sou aparèy ou an pou pwoteksyon Enfòmasyon Sante Pèsonèl ou. Peze “I Understand” (mwen konprann) pou w rekonèt ou resevwa endikasyon an. 

Tanpri gade atik annapre la yo pou plis enfòmasyon sou aktivasyon pwoteksyon sa yo sou aparèy ou a. 

Apple:

Android:

Pèmisyon Pou Aplikasyon An 

Pou asire w ap gen itilizasyon konplè kont Wellframe ou a, y ap mande w pou w aksepte de seri otorizasyon: 

Notifikasyon Dirèk

Pou w pèmèt Wellframe pou l voye notifikasyon enpòtan sou rapèl ak nouvo mesaj yo ba ou, tape sou:

  1. “OKE.” 
  2. “Pèmèt.” 

Konte Kantite Pa 

Lè sa, yo pral mande w pou w pèmèt Wellframe konte pa w yo otomatikman (si sa pa rive otomatikman, peze travay konte pa a nan lis verifikasyon w):

iPhone:

  1. Peze “Konekte Kounye a.” 
  2. Nan nouvo fenèt Apple Health lan, aktive ON “Pa.”  
  3. Peze “Otorize.” 

Android:

  • Peze “Swivan.” 
  • Peze “Wi.” 
  • Chwazi oswa ajoute kont Gmail prefere w. 
  • Peze “Otorize.” 

Si w gen difikilte pou yo fè konte pa w yo sou aparèy ou a, ale sou atik sa a

Lòk ak Delòk Aplikasyon Byometrik la

Wellframe ba ou opsyon pou ajoute yon lòt kouch pwoteksyon nan enfòmasyon sante sansib ou, san yo pa deranje eksperyans ou sou aplikasyon an. 

Pou itilizatè ki fèk entegre epi ki lanse aplikasyon an pou yon 2yèm fwa, yo pral mande pou w aktive yon Lòk Byometrik pou plis sekirite. Mesaj gid la ap mande pou w aktive Face ID/Touch ID pou iOS (Apple) oswa Facial Recognition (rekonesans fasyal) pou Android pou delòk aplikasyon an pou w itilize alavni (ou ka chwazi refize sekirite anplis la si w vle). 

Ou pral kapab chwazi tou kantite tan inaktif anvan aplikasyon an lòk otomatikman.

Konfigire Lòk Byometrik la

Pòm

  1. Lè mesaj gid la parèt, tape sou “Aktive Face ID” (si aparèy IOS ou a pa soutni Face ID, yo pral ba w opsyon pou chwazi Touch ID) 
  2.  Chwazi metòd delè datant ou pi pito a nan lis la, epi klike sou “Sovgade Chwa” (ou ka chanje chwa sa a nenpòt ki lè nan paramèt sekirite ou yo) 

Android

  1. Lè mesaj gid la parèt, tape sou “Aktive Lòk Byometrik” (si aparèy Android ou a pa soutni Rekonesans Fasyal, yo pral ba w opsyon pou chwazi yon PIN) 
  2. Chwazi metòd delè datant ou pi pito a nan lis la, epi klike sou “Sovgade Chwa” (ou ka chanje chwa sa a nenpòt ki lè nan paramèt sekirite ou yo)

REMAK: Si okòmansman ou te refize aktive fonksyonalite a, ou ka ale nan “Pwofil> Anviwònman> Sekirite” pou aktive fonksyonalite sa a nenpòt ki lè.

Enskripsyon Moun K Ap Bay Swen 

Antanke paran oswa moun kap bay swen, ou ka elijib pou w patisipe nan Wellframe nan non yon lòt moun. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan yon moun kap bay swen kapab elijib pou patisipe, tanpri rantre an kontak ak òganizasyon kap parene w la. 

Men etap pou w kreye yon kont nan aplikasyon Wellframe nan antanke yon moun kap bay swen: 
  1. Apre w louvri aplikasyon an, tape sou “Anrejistre.” 
  2. Apresa, yo pral mande w antre kòd aksè w la.
    • Kòd sa a wap resevwa l swa dirèkteman nan men yon moun ki nan ekip swen w nan (li ka te an pèsòn, nan yon mesaj tèks oswa nan imèl, oswa nan yon bwochi) oswa nan kominikasyon òganizasyon ki parene w la, tankou sou yon sitwèb oswa yon bwochi. Vizite atik sa a pou plis enfòmasyon sou kòd aksè Wellframe ou.
  3. Kounye a yo pral mande w chwazi si wi oswa non wap jere pwòp sante w atravè aplikasyon an oswa pa yon lòt moun. Antanke moun kap bay swen, tanpri chwazi, “pa yon lòt moun.” 
  4. Nan pwochen ekran an, yo pral mande w pou w antre enfòmasyon anplis nan non manm lan pou yon kontwòl kalifikasyon. Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon elijiblite yo. 
  5. Pou w anrejistre, se pou w antre kèk enfòmasyon kontak debaz pou manm nan. 
  6. Apresa, yo pral mande w pou w mete pwòp detay ou epi enfòmasyon kontak ou. 
  7. Pou w kreye enfòmasyon pou konekte sou Wellframe  antre adrès imèl ou epi kreye yon nouvo modpas. Se pou modpas ou a genyen yon lèt, yon chif, yon karaktè espesyal e se pou l konpoze ak omwen 8 karaktè. 
  8. Tcheke ti kare a pou w aksepte Kontra Lisans Itilizatè Final Wellframe lan (End User License Agreement, (EULA). Sou paj Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, defile desann rive anba paj la epi prese sou “Aksepte ” pou w fini anrejistreman an.  
    Pou w jwenn plis enfòmasyon sou EULA ak Politik Konfidansyalite, ale sou atik sa a. 
  9. Finalman, yo pral mande w finalize konfigirasyon kont ou a: 
    • Otorize Notifikasyon Enstantane yo ak Otorizasyon Kontaj Pa yo. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou regle notifikasyon pouse ak kontaj etap, vizite atik sa a. 
    • Apre w fin anrejistre, ekip swen an ka gen pou l revwa kont ou a e l ka mete l an kondisyon datant anvan pou yo apwouve l.  
    • Si apwobasyon an nesesè, w ap resevwa notifikasyon pouse, imèl, oswa mesaj tèks on fwa yo apwouve kont ou a epi yo akòde w aksè nan aplikasyon an. 
    • Si yo te apwouve w davans kòm yon moun k ap bay swen, w ap sote etap apwobasyon ki annatant lan epi li ap mennen w dirèkteman nan ekran lis verifikasyon an. 
Yon foto ekran ki montre kòman pou aktive notifikasyon yo nan aplikasyon an

Avèk sa, tout afè w pare! Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou fonksyon aplikasyon mobil Wellframe lan. 

Toujou Bezwen Èd?