Èske w ta pi pito machasuiv pou iPhone yo? Ale sou atik sa a.
Kisa Detektè Otomatik ye?
Detektè otomatik pèmèt ou itilize podomèt Wellframe nan pou w detekte tout aktivite fizik ou defason pasif. Ki vle di Wellframe ap anrejistre tout pa w fè pandan jounen an otomatikman (depi w gen telefòn entelijan w nan sou ou!).
Ki vle di yap detekte tout aktivite fizik ou antèm de pa ke w fè. Lè w atenn Objektif Pa w yo, ou pral resevwa yon notifikasyon e yap make tach la kòm Konplete sou Lis Verifikasyon toulèjou w la. TANPRI NOTE: Ka gen yon laps nan tan ant tan w atenn objektif ou a ak tan l pran pou w resevwa notifikasyon an! Anplisdesa, ou pa dwe remake okenn chanjman nan vi batri telefòn ou a lè w aktive detektè otomatik la.
Sak pi enpòtan toujou:
- Ou pral bezwen Android 5.1 oswa yon vèsyon ki pi resan pou w itilize fonksyon sa a. Fè ansòt premye sa w fè se telechaje epi konfigire Google Fit.
- Ou pral gen pou w aksepte pèmisyon pou Google Fit, aplikasyon sante prensipal sou aparèy Android yo, pou aktive Detektè Otomatik nan Wellframe.
- Pandan konfigirasyon rapid la, ou pral gen pou w chwazi menm kont Google la nan Google Fit epi nan Wellframe.
Kijan mwen kapab etabli Detektè Otomatik la?
Li fasil e l rapid pou w konfigire fonksyon sa a! Dèke ou fin telechaje Wellframe, louvri aplikasyon an epi tape sou tach Aktivite Fizik ou a. Ou pral wè tousuit detwa kòmann kap mande w pèmisyon pou detekte pa w yo defason otomatik nan Google Fit. Wellframe itilize enfòmasyon ke Google Fit (yon lòt aplikasyon sou Android ou) kaptire pandan jounen an.
Tanpri note: ou ka pat aktive detektè aktivite fizik la nan Google Fit. Si se leka, Wellframe pral mande w chanje pèmisyon yo nan aplikasyon Google Fit la. Google Fit pral mande w pou w rantre enfòmasyon tankou wotè w ak pwa w: ou kapab SOTE etap sa a. Dèke w aktive detektè aktivite fizik la nan Google Fit, Wellframe pral kapab wè epi sofgade enfòmasyon sou aktivite w yo.
Èske l pa fonksyone toujou? Ale sou atik sa a pou w wè plis enfòmasyon.
Si w pa wè okenn nan kòmann sa yo lè w louvri tach Aktivite Fizik la, se ka akoz wap itilize yon ansyen aparèy ki pa konpatib avèk fonksyon sa a. Si w pa gen yon aparèy ki konpatib, pa enkyete w! Wap kapab detekte pa w yo manyèlman menm jan ak anvan, lè w klike sou Demare pou w kòmanse anrejistre pwogrè w, epi Sispann lè w fin fè egzèsis.
Si w genyen nenpòt kesyon sou kijan pou w konfigire nouvo fonksyon sa a sou telefòn ou oubyen si w gen difikilte pou w suiv etap sa yo, tanpri fè n konn sa! Voye yon imèl pou nou nan help@wellframe.com, e sa ap yon plezi pou n ede w demare ak pran sa anmen!