Wellframe bezwen yon ti kantite done pou l ka byen fonksyone sou telefòn entelijan w nan oubyen sou tablèt ou a. Gen anpil chans ke Wellframe pap itilize yon gwo kantite nan done w genyen an ni li pap lakoz ou depase limit done w yo. Nou fè kèk rechèch pou n pwouve sa. Nan majorite telefòn entelijan ak tablèt (iOS ak Android) yo, Wellframe itilize mwens done pase pifò aplikasyon moun itilize souvan yo!
Men kèk ti konsèy sou kijan pou w asire w ou kenbe kantite done w itilize yo ba:
- Fè ansòt ou itilize wifi nenpòt lè sa posib. Telefòn ou pap itilize okenn done etan w konekte sou wifi.
- Ou ka gen wifi lakay ou oubyen nan travay ou.
- Byen souvan genyen rezo wifi gratis nan espas piblik oubyen pou vizitè nan kafe, bibliyotèk, oubyen nan biznis.
- Lè w gade videyo ou ka itilize plis done pase lòt lè wap itilize aplikasyon an. Lè sa posib, eseye konekte sou wifi pou w gade videyo yo!
Si w ta renmen verifye ki kantite done Wellframe ap itilize sou telefòn ou, suiv etap sa yo pou w konnen:
iPhone
- Ale sou Paramèt
- Tape sou Selilè
- Ou pral wè yon lis aplikasyon w yo nan lòd alfabetik
- Dewoule desann pou w jwenn Wellframe
Android
- Ale sou Paramèt
- Tape sou Itilizasyon Done
- Ou pral wè yon lis aplikasyon w yo nan lòd dekwasan (soti pi gwo rive nan pi piti)
- Dewoule desann pou w jwenn Wellframe