Member Support Center
Sant Ăd Manm Yo
Dwa ak Responsabilite Itilizate yo
Kesyon Moun Poze Souvan Yo
âPoukisa mwen pa kapab teledechaje aplikasyon an?â
Tanpri, asire ke telefòn ou gen ase memwa ki disponib, ke ou konekte ak Wi-Fi, e ke telefòn ou konpatib ak aplikasyon an.
âKisa Idantifikasyon (ID) itilizatè ak modpas mwen ye pou Apple Store/Google Play?â
Tanpri gade nan atik sa a pou jwenn plis enfòmasyon
âĂske m ka itilize menm imel la pou plizyè kont?â
Non, ou ka sèlman itilize yon imèl pou yon kont.
âĂske Wellframe Gratis?â
Wellframe toujou totalman gratis pou manm yo.
âPoukisa Google Play Store di Wellframe bezwen gen aksè nan kontak mwen yo?â
Lè wap teledechaje Wellframe nan Google Play Store la, yo ka mande w bay aplikasyon an pèmisyon pou l gen aksè a kontak ou yo. Wellframe jwenn aksè ak enfòmasyon kontak ou yo sèlman pou l tou ranpli enfòmasyon w yo lè w ap kreye pwòp kont ou sou aplikasyon an. Se sèl lè sa a Wellframe pral rantre nan enfòmasyon kontak ki sofgade nan telefòn ou e li li enfòmasyon kontak ou yo sèlman, tankou non w, nimewo telefòn ou, ak adrès imèl ou.
âKi kantite done aplikasyon an itilize?â
Wellframe bezwen done minimòm pou l fonksyone kòrèkteman sou smatfòn ou oswa tablèt ou. Li pa pwobab pou aplikasyon an itilize yon gwo kantite done w yo oswa pou l ta lakoz ou depase limit done w yo.
âKi kòd aksè m genyen?â
Founisè w la ba w yon kòd aksè pou otorize w itilize aplikasyon sa a
âPoukisa kòd aksè m lan pa mache?â
Asire w ke tout lèt yo se lèt miniskil pou kòd la, ke pa gen okenn espas nan lèt yo, ni okenn espas nan chif, si gen chif ladan l
âKi ID manm mwen genyen?â
Kontakte konpayi ki ba w asirans lan dirèkteman pou jwenn Idantifikasyon (ID) Manm ou a.
âPoukisa aplikasyon an pa ka verifye kalifikasyon m lan?â
Asire ou antre ID manm ou an nan fòma ki afiche sou ekran an.
âLi pa vle kite m ale nan pwochen ekran an apre m fin antre imel mwen ak modpas mwen?â
Tanpri, asire ke ou antre adrès imèl ou kòrèkteman e ke ou konfigire tou yon modpas ki satisfè egzijans swivan yo.
âPoukisa modpas mwen an pa mache?â
Asire ke ou antre modpas ou a kòrèkteman. Si ou bezwen reyinisyalize modpas ou a, tanpri klike sou lyen âBliye Modpas laâ ki nan paj koneksyon an.
âKont mwen an endike li inaktif, kijan pou m reyaktive kont mwen?â
Tanpri kontakte konpayi ki ba w asirans lan dirèkteman pou mande yon re-enskripsyon nan aplikasyon an.