Lè wap telechaje Aplikasyon Wellframe lan nan Apple App Store oubyen Google Play Store la, yo ka mande w rantre enfòmasyon ou itilize pou w konekte a si ou poko konekte oubyen si w pa gen yon kont.
iPhone
Si w genyen Apple ID w oubyen modpas ou:
- Louvri Paramèt nan iPhone ou a
- Defile desann epi tape sou "iTunes & App Store"
- Si ou deja konekte, Apple ID w la (ki se yon adrès imèl) ap parèt an ble anwo nan ekran an.
- Pou w reyinisyalize modpas ou pou Apple ID w la, tape sou Apple ID w la.
- Chwazi, “iForgot”.
- Suiv direktiv sou ekran an pou w reyinisyalize modpas ou.
- Si w pa konekte , ou pral wè “Konekte” an ble anwo nan ekran an. Anba “Konekte” wap wè, “M Bliye Apple ID oubyen Modpas la?” an ble.
- Pou w reyinisyalize Apple ID w la, klike sou “M Bliye Apple ID oubyen Modpas la?” epi apresa klike sou “M Bliye Apple ID m.” Apresa suiv direktiv ki sou ekran an.
- Pou w reyinisyalize modpas ou pou Apple ID w la, tape sou “M Bliye Apple ID oubyen Modpas la”. Rantre Apple ID w la epi apresa suiv direktiv ki sou ekran an pou w reyinisyalize modpas ou.
- Dèke modpas ou a fin reyinisyalize, retounen sou app store la, Chèche Wellframe, tape sou AKSEDE epi rantre Apple ID ak modpas ou a si yo mande w li
Pou plis enfòmasyon sou kijan pou w rejwenn Apple ID oubyen modpas ou, tanpri ale sou Sipò pou Apple.
Si w gen pou w kreye yon kont nan Apple App Store la:
Pou w kreye yon kont nan Apple App Store la san w pa rantre okenn enfòmasyon pou peman, tanpri ale sou Sipò pou Apple .
Android
Si w bliye enfòmasyon ou itilize pou w konekte sou Google Play:
Non itilizatè w pou Google Play se adrès imèl ou itilize pou w konekte w sou kont Google ou nan telefòn Android ou oubyen tablèt ou. Wap bezwen ni pou w jwenn aksè epi pou w telechaje aplikasyon Wellframe lan nan Google Play Store la.
Al gade atik sa a pou w chèche non itilizatè Google Play w la oubyen pou w reyinisyalize modpas ou epi suiv direktiv ki sou ekran an.
Pou plis enfòmasyon sou kijan pou w rejwenn enfòmasyon pou Kont Google ou a, ale sou Sipò pou Google .
Si w gen pou w kreye yon kont Google Play:
Pou w jwenn enfòmasyon sou kijan pou w konfigire yon kont Google Play ale sou Sipò pou Google .