Byenvini nan Wellframe! Nou kontan pou n ede w demare nan aplikasyon mobil la. Apre w fin telechaje aplikasyon an sou telefòn entelijan w nan oswa tablèt ou a, se pou w louvri aplikasyon an pou w kreye kont ou.
Men etap pou w kreye kont ou nan aplikasyon Wellframe nan:
- Apre w fin louvri aplikasyon an, tape sou “Anrejistre”.
- Apresa yo pral mande w antre kòd aksè w la. Se yon manm ekip swen w lan kap ba w kòd sa a (yo te ka fè sa an pèsòn, nan yon mesaj tèks oswa nan imèl, oubyen nan yon bwochi). Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kòd aksè w la. Tape sou boutan ki pa anba ekran an pou w kontinye.
- Apre w fin antre kòd aksè w la, yo ka mande w antre enfòmasyon anplis pou w konfine elijiblite w pou Wellframe. Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon elijiblite yo.
- Pou w anrejistre, se pou w antre kèk enfòmasyon kontak debaz.
- Pou w kreye enfòmasyon pou konekte w la, antre adrès imèl ou epi kreye yon modpas. Se pou modpas ou a genyen yon lèt, yon chif, yon karaktè espesyal e se pou l konpoze ak omwen 8 karaktè. Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou anrejistreman ak kijan pou kreye yon kont.
- Pou w aksepte Kontra Lisans pou Itilizatè Final Wellframe (Wellframe’s End User License Agreement, EULA) tcheke kaz la. Sou paj Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, defile desann rive anba paj la epi prese sou Aksepte & Konplete Anrejistreman an. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou EULA ak Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, klike la a.
- Finalman, yo pral mande w finalize konfigirasyon kont ou a:
- Aktive Pèmisyon pou Notifikasyon Dirèk yo ak Aktivite Fizik yo. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w etabli notifikasyon dirèk ak detektè aktivite fizik yo klike la a.
- Avèk sa, tout afè w pare! Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou fonksyon aplikasyon mobil la yo.
Paj Akèy aplikasyon an: