Pandan pwosesis akèy la, dèke w fin seleksyone pou kimoun wap itilize aplikasyon an, yo pral mande w rantre plis enfòmasyon pou w pase kontwòl elijiblite a. Enfòmasyon yo mande w la pral depann sou kisa òganizasyon parenn nan egzije.
Wap gen pou w rantre swa:
Idantifikasyon Manm ak Dat Nesans oswa Siyati ak Dat Nesans
Pa enkyete w, aplikasyon an pral fè w konnen ki enfòmasyon ou dwe antre!
Idantifikasyon Manm:
Ou kapab jwenn Idantifikasyon (ID) Manm ou sou kat asirans sante w la. Pou enfòmasyon sou kijan pou w rantre Idantifikasyon (ID) Manm ou a tanpri gade modèl kat Idantifikasyon Manm yo montre sou ekran an. Pral genyen tèks anplis tou, anba imaj Idantifikasyon (ID) Manm nan, pou ede w ak fòma ki kòrèk la. Tanpri fè ansòt Idantifikasyon (ID) Manm ou a pa genyen okenn espas oswa tirè ladann.
Si w pa gen kat asirans ou a tanpri rantre an kontak dirèk avèk òganizasyon parenn ou an. Si wap rantre enfòmasyon an jan yo montre l la, e malgresa ou gen difikilte pou w kontinye, tanpri klike sou bouton "MWEN BEZWEN ASISTANS" lan.
Siyati:
Rantre siyati w sèlman avèk premye lèt la an majiskil.
Si w gen nenpòt difikilte pou w pase verifikasyon elijiblite a lè yo mande w siyati w, tanpri klike sou bouton "MWEN BEZWEN ASISTANS" lan pou w konfime ke w byen rantre enfòmasyon w nan sistèm Wellframe nan.
Dat Nesans:
Apre w fin swa rantre Idantifikasyon (ID) Manm ou oubyen Siyati w nan aplikasyon an, ou pral gen pou w rantre Dat Nesans ou. Pou w rantre Dat Nesans ou, defile pou chwazi dat nan kalandriye a epi seleksyone bon Mwa a, Jou a, ak Ane a, epi apresa klike "SOUMÈT".
Si w se yon manm fanmi oubyen moun kap bay swen kap itilize Wellframe pou yon lòt moun, tanpri al gade atik sa a sou patisipasyon moun kap bay swen pou w jwenn plis detay. Ou ka bezwen enstriksyon espesifik nan men ekip swen w lan oubyen ekip Wellframe nan sou fason pou w rantre enfòmasyon elijiblite a. Tanpri rantre an kontak ak ekip swen w lan oswa kontakte nou nan help@wellframe.com pou w jwenn plis ensktriksyon.