Onglè Tchat la
Onglè “Tchat” la se kote w pral kapab kominike dirèkteman avèk ekip swen w lan nenpòt lè atravè yon sistèm mesajri doub sans sekirize. Li tankou lè wap voye yon mesaj tèks, sèl bagay li pi sekirize pou pwoteje enfòmasyon sou sante w.
Onglè tchat la pou voye mesaj
Tanpri note ke ekip swen w lan ka pa reponn ou tousuit. Si w bezwen pale ak yon doktè oubyen nan yon ka dijans, tanpri rele sèvis ijans yo oubyen doktè w la dirèkteman . Ou pa dwe itilize Wellframe nan ka dijans.