Pou w asire w ou kapab sèvi ak tout karakteristik kont Wellframe ou a, yo pral mande w aksepte pèmisyon yo.
iPhone
Yo pral mande moun ki itilize iPhone yo pou yo aksepte toude, pèmisyon pou notifikasyon dirèk ak detektè aktivite fizik yo.
Notifikasyon Dirèk
Pou w pèmèt Wellframe pou l voye notifikasyon enpòtan sou rapèl ak nouvo mesaj yo ba ou, tape sou:
- “OKE”
- "Pèmèt"
Detektè Aktivite Fizik
Pou w pèmèt Wellframe pou l detekte pa w yo avèk Apple Health, tape sou tach aktivite fizik ou a sou lis verifikasyon w nan.
- "Konekte Kounye a"
- Nan nouvo fenèt Apple Health la, altène sou "pa yo"
- "Pèmèt"
Tanpri al gade atik sa a pou w jwenn plis detay sou detektè pa pou iPhone yo.
Android
Yo pral mande moun ki itilize Android yo pou yo aksepte pèmisyon pou aktivite fizik yo.
Pèmisyon pou Aktivite Fizik
Pou w pèmèt Wellframe pou l detekte pa w yo, tape sou:
- "Pwochen"
- "Wi"
- Chwazi oswa ajoute kont Gmail ou
- "Pèmèt"
Si w gen difikilte pou yo detekte pa w yo sou aparèy Android ou a, ale sou atik sa a.