Koneksyon
Si w deja kreye yon kont Wellframe, pou w konekte nan aplikasyon an suiv etap sa yo:
- Ouvri aplikasyon Wellframe nan sou telefòn entelijan w nan oubyen sou tablèt ou a,
- Tape sou “Konekte” sou ekran byenvini an,
- Rantre adrès imèl ou ak modpas ke w kreye lè w tap konfigire kont Wellframe ou a. Al gade atik sa a si w bliye modpas ou e si w bezwen asistans pou w retabli li.
Si wap konekte sou yon nouvo aparèy ke w poko telechaje Wellframe sou li, annik ale nan www.wellframe.com/download epi enstale Wellframe ankò. Dèke Wellframe fin telechaje sou nouvo aparèy ou a, chwazi "Konekte" epi rantre enfòmasyon pou kont ou a (al gade enstriksyon yo pi wo a).
Ekran Koneksyon an
Al gade atik sa a pou w jwenn enstriksyon sou kijan pou w jwenn aksè a aplikasyon Wellframe nan si w poko kreye yon kont Wellframe.