Chak jou ou pral resevwa yon nouvo lis ak bagay pou w konplete kap nan Lis Verifikasyon w nan. Tach sa yo ka gen nouvo atik pou w li ladan yo, rapèl pou medikaman ke w pwograme, oubyen kesyonè kontwòl pou w konplete pou ekip swen w lan. Ekip swen w lan itilize aktivite w ki nan lis verifikasyon w nan pou l rete konekte avèk ou e pou l gen mizajou sou pwogrè w. Lè w konplete tach yo chak jou, lis verifikasyon w nan pral aktyalize epi nouvo tach yo ap parèt sou li nan landemen.
Lis Verifikasyon Wellframe
Pou w konplete yon tach nan lis verifikasyon an:
- Rapèl pou Medikaman: annik tape sou tach la apresa tape sou "Wi pou Tout" dèke w fin pran dòz ou (yo).
- Aktivite Fizik: al mache oubyen kòmanse yon lòt egzèsis. Wellframe pral detekte pa ou fè yo. Dèke w atenn Objektif pou Pa pou jounen an, tach la ap parèt konplete otomatikman.
- Kontwòl ak kesyonè yo: rantre yon repons, apresa tape sou "Soumèt". Nou pral pataje repons ou yo avèk ekip swen w lan e sa pral ede yo jwenn piplis enfòmasyon sou kijan w ye chak jou.
- Atik yo: tape sou tach la epi li atik la oubyen gade videyo a pou w jwenn plis enfòmasyon sou sante w.
Chak fwa w konplete yon tach ou pral tande yon son ding! — tach la ap desann an dènye nan lis la e lap parèt ak yon mak tchèk vèt akote li. Si w ta renmen revwa pwogrè jeneral ou, al gade onglè Mwen an!
Si w bliye fè tach ou yo, pa enkyete w. Lis Verifikasyon toulejou w la aktyalize chak jou a minwi. Menmsi w bliye anrejistre pwogrè w sou aplikasyon an, li toujou enpòtan ke w pran medikaman w yo chak jou (jan ekip swen w lan endike w li), fè egzèsis, epi manje byen!