Rapèl pou Medikaman
Ou kapab pwograme Rapèl pou Medikaman nan aplikasyon Wellframe nan pou avize w sou lè pou w pran medikaman w yo.
Bazdone Wellframe nan genyen plis pase 9,000 medikaman ladann. Lè w pwograme yon nouvo rapèl pou medikaman, ou kapab chwazi yon medikaman sou lis la oubyen itilize kaz rechèch la anwo nan ekran an. Si w pa wè non medikaman w nan, ou kapab tape li nan kaz la pou w kreye yon non ki pèsonalize. Pa egzanp, ou ka pwograme yon rapèl pou "Medikaman Maten yo." Non medikaman an (swa sa w chwazi a swa sa w tape a) pral parèt nan rapèl la pou chak lè ke w pwograme yo.
Pou w Ajoute yon Rapèl pou Medikaman :
- Tape sou onglè "Rapèl" yo,
- Tape sou “Ajoute yon Rapèl pou Medikaman” pou w kreye yon orè pèsonalize pou chak medikaman.
- Pwograme yon orè pou medikaman w yo dapre frekans, dat pou kòmanse/sispann, ak lè a.
Frekans :
- Pa Jou: Chak jou, jou altène, chak de jou, elatriye
- Pa Semèn: Yon fwa pa semèn, nan jou semèn nan ki byen presi (tankou madi ak jedi), elatriye
- Pa Mwa: Yon fwa pa mwa (pa egzanp le 15 chak mwa), mwa altène, elatriye
Dat pou Kòmanse/Sispann:
- Sa pral pèmèt ou pwograme rapèl tanporè, pa egzanp, si w gen yon preskripsyon pou 10 jou. Si w chwazi "Pa Gen Dat pou Sispann", ou pral resevwa rapèl yo jouk ou chwazi manyèlman pou yo sispann.
Lè :
- Lè espesifik: Kantite fwa pa jou, lè espesifik (pa egzanp, 8AM ak 6PM)
- Entèval tan: chak èdtan, chak twa èdtan, chak kat èdtan nan yon entèval tan (pa egzanp, 8AM jiska 6PM)
- Anvan w sofgade chak medikaman, wap ka revwa yon rezime orè a pou w asire li byen konfigire. Rezime a pral parèt sou Lis Medikaman an kòm referans tou.
- Apresa prese FINI pou w sofgade!
Ajoute yon nouvo rapèl pou medikaman
Pou w Modifye oswa Sispann yon Rapèl pou Medikaman:
Pou w modifye/sispann yon rapèl pou medikaman ki aktif kounye a, ale nan onglè "Rapèl" la epi tape sou medikaman ou vle modifye/sispann nan. Nen pòt modifikasyon rapèl pou medikaman ap vin efektif nan landemen. Medikaman an pral toujou parèt jan l ye a sou lis ou pou jodiya, e nan landemen lap disparèt.
Apatide la, ou kapab ajiste orè pou medikaman an jan w vle.
Note: ou pa kapab chanje non medikaman an, se orè a sèlman ou ka chanje. Pou w chanje non medikaman an, wap oblije sispann medikaman sa a epi ajoute yon nouvo avèk non kòrèk la.
Ou ka sispann yon rapèl pou medikaman tou nenpòt lè, annik klike sou medikaman an epi prese "Sispann Pran" nan kwen anwo adwat la. Aksyon sa a mete dat jodiya kòm Dat pou Sispann nan. Medikaman an pral toujou parèt sou lis ou pou jodiya, e apresa nan demen lap disparèt.
Modifye yon rapèl pou medikaman