Anplis Rapèl Medikaman, ou kapab pwograme tou rapèl pou lòt aktivite ki gen rapò ak sante. Pa egzanp, ou ka mete yon rapèl pou "bwè dlo."
Pou Ajoute yon Rapèl Sante:
- Klike sou seksyon "Rapèl" la.
- Sèvi ak bouton ki anwo nan ekran an, klike sou "Rapèl mwen yo"
- Klike "Ajoute yon rapèl"
- Bay rapèl la yon non (ou ka itilize emoji ak karaktè espesyal yo), epi peze kontinye
- Anba non rapèl la, antre yon nòt si ou vle (ou ka itilize emoji ak karaktè espesyal yo) W ap ka wè nòt sa lè rapèl la louvri nan seksyon Lis Kontwòl la, epi Ekip Swen ou an ap ka wè li tou
- Peze espas “Repete” a pou chwazi konbyen fwa ou vle rapèl sa a repete (Yon fwa, chak jou, chak semèn, chak mwa, oswa yon kantite fwa ki pèsonalize)
SONJE: Si w chwazi “pèsonalize”, gen yon espas anplis ki pral parèt ki rele “Chak” kote ou ka chwazi kantite fwa ou vle rapèl la repete nan jou, semèn oswa mwa a (sa ap depann de chwa ou fè a). Kreye yon frekans rapèl “pèsonalize” pral fè yon espas anplis parèt tou (anba “dat pou kòmanse/dat pou fini” an) kote yo pral mande pou w chwazi jou nan semèn nan oswa dat nan mwa a ou vle rapèl la fèt (sa ap depann de chwa ou fè nan espas “pèsonalize” an)
- Apre sa, chwazi yon dat pou rapèl la kòmanse ak dat pou l fini
SONJE: Si w te chwazi yon dat pou fini, asire w ke bouton “Mete dat pou fini” an aktive. Si ou pa vle rapèl la fini, kite seri sa a sou “Jamè”
- Si ou te chwazi yon frekans rapèl chak semèn oswa chak mwa nan espas "Repete" a, kounye a ou ka chwazi ki jou nan semèn nan oswa jou nan mwa a ou vle rapèl la fèt.
- Pou fini, chwazi lè ou ta renmen rapèl la fèt lè w peze espas “Lè” an
SONJE: Peze “+ Ajoute yon lè” pou fikse plis fwa pa jou (antre 12 lè pou pi plis pou chak jou, pou chak rapèl)
- Peze “Kreye” anwo adwat seksyon an
Pou Modifye yon Rapèl Sante:
- Nan seksyon "Rapèl Mwen yo", chwazi rapèl sante ou swete modifye
- Peze espas ou vle modifye a (yo) epi fè chanjman ou yo
- Peze "Sovgade" anwo adwat seksyon an
SONJE: Nenpòt modifikasyon ki fèt nan yon rapèl ap toujou parèt nan demen – ou pa bezwen pè si ou wè rapèl pou sante ki te la anvan toujou nan lis verifikasyon jodi a, mizajou a ap fèt demen.
Pou efase yon rapèl pou sante:
- Nan seksyon “Rapèl Mwen yo”, chwazi rapèl sante ou swete modifye a
- Peze bouton "Efase” a.