Lè w itilize onglè "Mwen" an, ou kapab kontwole pwogrè w nan Wellframe. Pwogrè sa a ka gen ladann:
- Kantite tach ou konplete nan Wellframe
- Kantite medikaman ou pran jodiya
- Pwogrè w fè nan pwogram Wellframe ou a
- Enfòmasyon sou pwosedi w la oubyen dat akouchman w nan
- Kantite pa w fè jodiya
Onglè Mwen an
Onglè Mwen an ap genyen tou "Enstriksyon Mwen yo," kote ekip swen w lan ka pataje enfòmasyon enpòtan oubyen resous pou w ka fasilman jwenn aksè ak yo.
Sèten pwogram Wellframe ap mande w tou pou w anrejistre dat enpòtan ki gen rapò ak yon evènman sante ki pral fèt byento oubyen ki te rive anvan sa. Onglè Mwen an se kote ou kapab rantre dat sa yo tou pou w pèsonalize enfòmasyon sou lis verifikasyon w nan parapò ak evènman sante w la. Annik tape nan seksyon ki souliye ak tèks wouj la pou w ajoute dat enpòtan w yo. Nan egzanp pi ba a, nap rantre dat pou yon pwosedi ak egzeyat kap rive byento.
Onglè Mwen an ak opsyon pou rantre dat pwosedi a
Paj pou rantre dat la