Aplikasyon Wellframe nan konpatib avèk aparèy ak sistèm eksplwatasyon sa yo:
- Apple
- Aparèy: iPhone 5S ak vèsyon ki pi resan, iPad 2 ak vèsyon ki pi resan, ak iPod Touch.
- Sistèm Eksplwatasyon: iOS14 ak vèsyon ki pi resan. (Remak: Si wap itilize iOS 12 kounye a, ou toujou kapab itilize aplikasyon an, sepandan aktyalizasyon Wellframe yo pap fèt.)
- Android
- Aparèy: nenpòt telefòn Android oswa tablèt ki gen yon Sistèm Eksplwatasyon ki konpatib
- Sistèm Eksplwatasyon: Vèsyon 8.0 ak vèsyon ki pi resan (Lollipop, Marshmallow, Nougat, Oreo, ak Pie).
Aplikasyon Wellframe nan PA konpatib avèk aparèy ak sistèm eksplwatasyon sa yo:
- Aparèy Windows
- Aparèy Blackberry ki pa gen aksè a Google Play Store la
- Android Revvl Plus
- Aparèy ki Woute oswa Jailbroken
- Tablèt pou lekti (Kindle, Amazon Fire)
- Yon òdinatè tab oswa laptòp
Remak: Byenke w kapab telechaje aplikasyon Wellframe nan sou yon aparèy ki woute, ou pap kapab louvri aplikasyon an. Okontrè, ou pral wè yon ekran blan anvan aplikasyon an etenn.
Aparèy ou ka pote sou kò w kapab pataje enfòmasyon avèk aplikasyon an atravè Apple Health oswa Google Fit. Pou plis enfòmasyon sou fason pou w konfigire detektè pa yo sou telefòn ou, al gade atik sa yo pou etap pou iPhone yo oswa etap pou Android yo.