Antanke paran oswa moun kap bay swen, ou ka elijib pou w patisipe nan Wellframe nan non yon lòt moun. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan yon moun kap bay swen kapab elijib pou patisipe, tanpri rantre an kontak ak òganizasyon kap parene w la.
Men etap pou w kreye yon kont nan aplikasyon Wellframe nan antanke yon moun kap bay swen:
- Apre w louvri aplikasyon an, tape sou “Anrejistre”
- Apresa, yo pral mande w antre kòd aksè w la. Kòd sa a wap resevwa l swa dirèkteman nan men yon moun ki nan ekip swen w nan (li ka te an pèsòn, nan yon mesaj tèks oswa nan imèl, oswa nan yon bwochi) oswa nan kominikasyon òganizasyon ki parene w la, tankou sou yon sitwèb oswa yon bwochi. Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kòd aksè Wellframe ou an.
- Kounye a yo pral mande w chwazi si wi oswa non wap jere pwòp sante w atravè aplikasyon an oswa pa yon lòt moun. Antanke moun kap bay swen, tanpri chwazi, "pa yon lòt moun".
- Sou pwochen paj la, yo pral mande w antre enfòmasyon anplis pou manm nan pou yo tcheke elijiblite. Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon elijiblite yo.
- Pou w anrejistre, se pou w antre kèk enfòmasyon kontak debaz pou manm nan.
- Apre w fin antre detay manm nan yo, yo pral mande w pou w enkli detay pa w yo ak enfòmasyon kontak ou.
- Pou w kreye enfòmasyon pou konekte sou Wellframe antre adrès imèl ou epi kreye yon nouvo modpas. Se pou modpas ou a genyen yon lèt, yon chif, yon karaktè espesyal e se pou l konpoze ak omwen 8 karaktè. Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou anrejistreman ak kijan pou kreye yon kont.
- Pou w aksepte Kontra Lisans pou Itilizatè Final Wellframe (Wellframe’s End User License Agreement, EULA) tcheke kaz la. Sou paj Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, defile desann rive anba paj la epi prese bouton an pou w konplete anrejistreman an. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou EULA ak Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, ale sou atik sa a.
- Finalman, yo pral mande w finalize konfigirasyon kont ou a:
- Aktive Pèmisyon pou Notifikasyon Dirèk yo ak Aktivite Fizik yo. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w konfigire notifikasyon dirèk ak detektè aktivite fizik la, ale sou atik sa a.
- Apre w fin anrejistre, ekip swen an ka gen pou l revwa kont ou a e l ka mete l an kondisyon datant anvan pou yo apwouve l. Si l nesesè pou w jwenn apwobasyon, yo pral avize w atravè notifikasyon dirèk, imèl, oswa nan mesaj tèks dèke yo fin bay kont ou aksè sou aplikasyon an. Si yo apwouve w davans antanke moun kap bay swen, ou pral sote kondisyon apwobasyon annatant lan e yap mete w dirèkteman sou lis verifikasyon an.
Avèk sa, tout afè w pare! Ale sou atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou opsyon aplikasyon mobil Wellframe la yo.
Anrejistre pou itilize Wellframe pou yon lòt moun:
Se pou w antre enfòmasyon manm nan apresa enfòmasyon pa w antanke moun kap bay swen: