Karakteristik App Wellframe
<p>Aplikasyon mobil Wellframe nan genyen yon kantite fonksyon pou ede w rete konekte avèk ekip swen w lan epi jere sante w. Chak jou lè w louvri aplikasyon Wellframe nan, ou pral wè nouvo atik pou w li, nouvo kesyonè pou w konplete, ak rapèl pou medikaman oubyen randevou kay doktè ke w fè oumenm.<p> <p>Lè w konplete tach ou yo chak jou sa ap ede ekip swen w lan aprann konnen w pi byen, e yo ka travay avèk ou pou oryante w ak pwoblèm ak objektif sante toulejou w yo. Fonksyon Wellframe yo genyen detektè aktivite fizik, rapèl pou medikaman, mesaj toulejou avèk ekip swen w lan, ak yon bibliyotèk ki plen ak atik sou sante ladann!<p>