Onglè Pwofil
Onglè Pwofil
Onglè Profile la (pwofil) se kote w ap wè kantite jou w ap itilize aplikasyon an, plis detay sou pwogram swen ou enskri nan yo a, epi kote w ka jere medikaman w ak/oswa rapèl sante w yo. Ou ka jwenn aksè nan reglaj kont ou tou lè w peze senbòl angrenaj la ki anwo adwat onglè a.

Pwogram Swen Ki Enskri
Men kote ou ka wè nan ki pwogram swen ou enskri. Lè w peze kat pwogram swen ou chwazi a, sa ap pèmèt ou wè plis enfòmasyon an detay sou pwogram nan. Ou ka sòti nan ekran enfòmasyon pwogram swen elaji a lè w peze flèch oryante annaryè nan anwo agoch sou onglè a.
Enfòmasyon sou pwogram swen elaji yo ap gen ladan yo:
- Deskripsyon pwogram swen ou a.
- Dire ki prevwa pou pwogram swen ou a.
- Tip kontni ki enkli nan pwogram swen ou a.
- Kapasite pou w tchat fasilman ak ekip swen w lan pa mwayen bouton “chat with care team” lan (tchat ak ekip swen).
