Skip navigation

Onglè Tchat 

Onglè Tchat 

Seksyon “Tchat” la se kote w ap kapab kominike dirèkteman ak ekip swen w lan nenpòt ki lè pa mwayen yon sistèm mesaj sekirize. Se tankou mesaj tèks, li sèlman pi sekirize pou pwoteje enfòmasyon sante w yo. 

Remak: Ekip swen w lan gendwa pa reponn imedyatman. Si w bezwen pale ak yon doktè oswa sizoka gen yon ijans, tanpri rele sèvis dijans yo oswa rele doktè w la dirèkteman. Piga itilize Wellframe pou ka dijans. 

Yon foto ekran ki montre deseri mesaj nan espas tchat la nan aplikasyon an

Atachman Yo 

Onglè “Tchat” la pèmèt ou transmèt ak resevwa an tout sekirite atachman ant oumenm ak Ekip Swen w lan, ki gen ladan l, foto ak fichye (tankou foto yon blesi, enstriksyon pou egzeyat, oswa yon bòdwo medikal ou ta renmen diskite sou li). 

Kijan pou ajoute yon atachman: 

  1. Peze sou onglè Chat la nan aplikasyon an. (Remak: si se premye fwa w ap itilize onglè Chat la, yon mesaj ap parèt ki eksplike pou kisa karakteristik Chat la ye, epi kijan li ka benefisye eksperyans ou avèk aplikasyon an
  2. Klike sou meni siy plis “+” la, ki sou bò gòch kazye pou tèks la. 
  3. Lè sa a yo pral ba w 3 opsyon pou atachman: 
    • Foto w yo: Chwazi yon foto pami imaj ki la deja yo sou aparèy ou a (ou kapab chwazi jiska 10 imaj yon (1) grenn kou). 
    • Pran Foto: Pran yon nouvo foto ak kamera aparèy ou a. 
    • Chwazi Fichye: Anekse yon dokiman ki sovgade nan aparèy ou a. 
  4. Kou w fin anekse fichye ou pi pito a (yo), ou kapab ajoute tèks nan kazye pou tèks la pou bay plis kontèks oswa pou bay plis enfòmasyon ki gen rapò ak atachman an, si sa nesesè.
  5. Pou transmèt mesaj ak fichye ou voye a (yo), tape sou bouton transmèt la (ikòn avyon papye ki sou bò dwat kazye pou tèks la). 
Yon foto ekran ki montre deseri mesaj nan espas tchat la nan aplikasyon an

Tip Fichye Ak Limit 

Tip fichye ki sipòte:

  1. .pdf.
  2. .jpg/.jpeg (Remake: imaj iPhone iOS pa defo a se .HEIC, ke nou pral konvèti an .jpg pou telechajman an). 
  3. .png.

Limit dimansyon fichye:

  1. Limit maksimòm pou dimansyon fiche a se 2 MB.  
  2. Nenpòt imaj ou telechaje atravè aplikasyon an, ki pi gwo pase 2 MB, yo pral redimansyone otomatikman pou l rete nan limit dimansyon maksimòm fichye a ki se 2 MB. 
  3. Fichye PDF ki pi gwo pase 2 MB pap redimansyone otomatikman, e wap gen pou redimansyone yo oumenm anvan wap kapab telechaje yo. 

Deteksyon Viris: 

  1. Sistèm nan eskane tout fichye ki telechaje yo pou asire yo ka sovgade ak louvri yo an tout sekirite. 
  2. Pral gen yon mesaj ki pral parèt si yon fichye pa pase kontwòl sekirite a, epi fichye a pap sovgade oswa afiche si li pa pase. 

Efase atachman yo: 

  1. Oumenm ak Ekip Swen w lan pral kapab siprime nenpòt atachman ou telechaje atravè aplikasyon an, sepandan ou pap kapab siprime okenn atachman Ekip Swen w lan telechaje. 
  2. Apre sipresyon an, yon mesaj pral parèt pou ni oumenm ni Ekip Swen w lan, ki pral montre kilès moun ki siprime fichye a ak kilè yo te siprime li. 

Enstriksyon 

Ekip Swen w lan kapab voye enstriksyon tou epi enfòmasyon enpòtan nan aplikasyon w lan ke w ka monte sou yo byen fasil, san w pa tounen dèyè nan konvèsasyon w yo pou w jwenn yo. 

Senbòl près papye ki anwo agoch nan onglè Chat la ap genyen tout enstriksyon oswa enfòmasyon enpòtan oumenm ak Ekip Swen ou an vle konsève yon sèl kote. 

Si w gen yon notifikasyon ki fikse pou aplikasyon an, w ap resevwa yon endikasyon chak fwa Ekip Swen w lan ajoute oswa modifye yon bagay nan machaswiv ou yo.