Skip navigation

Fikse yon rapèl, Notifikasyon Aplikasyon yo ak Konte Kantite Pa  

Fikse yon rapèl, Notifikasyon Aplikasyon yo ak Konte Kantite Pa 

Apre w fin navige ekran objektif sante a ak ekran pou enskri nan pwogram swen yo, y ap ba w opsyon pou w kreye rapèl yo pou sante ak medikaman epi otorize notifikasyon enstantane yo sa k ap otorize aplikasyon Wellframe lan montre w mesaj gid yo pou lè w gen rapèl, lè w resevwa mesaj tchat yo ak lòt alèt enpòtan yo. 

Rapèl Sante yo 

Rapèl sante yo ede w rete responsab pou w atenn objektif sante w yo, ak lòt aktivite yo ki gen rapò ak sante. Pa egzanp, ou ka mete yon rapèl pou w “fè yon ti mache” oswa “bwè dlo” nan moman ki pwograme ki adapte ak lavi w. 

REMAK: Si ou pa vle mete yon rapèl pou sante nan moman sa a, ou ka peze “Non Mèsi” nan pati anba ekran an. 

Pou Ajoute yon Rapèl Sante: 

  1. Ekri yon nòt ki dekri rapèl la. W ap ka wè nòt sa a lè rapèl la louvri nan seksyon Lis Kontwòl la, epi Ekip Swen w lan ap ka wè li tou. 
  1. Apresa, chwazi konbyen fwa, dat pou yo kòmanse/fini, ak a kilè rapèl la dwe parèt. 
  1. Peze “Kreye” ki anwo adwat ekran an 
  1. Yon fwa ou fin kreye l, w ap gen opsyon pou ajoute plis rapèl sante, oswa ou ka peze “Kontinye” 

Rapèl pou Medikaman 

Rapèl medikaman yo ede w rete sou bon wout ak nenpòt medikaman ou pran, nan kèlkeswa orè yo te ka ye. 

REMAK: Si ou pa vle mete yon rapèl pou medikaman nan moman sa a, ou ka peze “Non Mèsi” nan pati anba ekran an. 

Pou Ajoute yon Rapèl Medikaman: 

  1. Ekri non medikaman ou pral pran an (ou ka mete ladan emoji, karaktè espesyal, epi li ka yon tit jenerik tou tankou “medikaman maten yo”) 
  1. Apresa, chwazi konbyen fwa, dat pou yo kòmanse/fini, ak a kilè rapèl la dwe parèt. 
  1. Peze “Kreye” ki anwo adwat ekran an 
  1. Yon fwa ou fin kreye l, w ap gen opsyon pou ajoute plis rapèl sante, oswa ou ka peze “Kontinye” 

Notifikasyon Enstantane yo 

Pandan w ap fiske rapèl pou sante w ak medikaman w yo, y ap mande w pou w otorize notifikasyon yo nan aplikasyon an, sa ki pral otorize aplikasyon an montre mesaj gid yo sou aparèy ou a pou rapèl ou yo, mesaj tchat yo ak lòt alèt ou y. 

  1. Peze “Aktive Rapèl yo” 
  1. Apre sa, aparèy ou a ap mande pou w konfime si ou vle otorize rapèl yo toutbon vre, chwazi wi oswa non 

REMAK: Si w chwazi “Non,” men ou chanje lide pita, ou ka aktyalize paramèt notifikasyon yo lè w ale nan seksyon Pwofil > Paramèt (senbòl wou dante a ki anwo adwat ekran an) >Notifikasyon yo 

Konte Kantite Pa 

Si premye pwogram swen ou an gen zouti pou konte pa ladan l, yo pral mande pou w otorize Wellframe konte pa w yo otomatikman (si sa pa fèt otomatikman, peze fonksyon konte pa ki nan lis kontwòl ou a): 

iPhone: 

  1. Peze “Konekte Kounye a” 
  1. Nan nouvo fenèt Apple Health lan, aktive “Pa” 
  1. Peze “Otorize.” 

Android: 

  1. Peze “Swivan.” 
  1. Peze “Wi.” 
  1. Chwazi oswa ajoute kont Gmail ou pi pito a. 
  1. Peze “Otorize.” 



Si w gen difikilte pou w fè konte pa w yo sou aparèy ou a, al li atik sa a.