Skip navigation

Kreye Kont Mwen

Kreye Kont Mwen 

Kreye Kont Mwen 

Premye fwa w ap konekte 

Byenveni nan Wellframe! Nou kontan ede w kòmanse itilize aplikasyon mobil lan. Apre w fin telechaje aplikasyon an sou esmatfòn oswa sou tablèt ou an, louvri aplikasyon an pou w kreye kont ou. 

Men etap yo pou w kreye kont ou sou aplikasyon Wellframe lan: 

  1. Apre w fin louvri aplikasyon an, peze “Anrejistre”. 
  1. Apresa yo pral mande w antre kòd aksè w la. Se yon manm ekip swen w lan kap ba w kòd sa a (yo te ka fè sa an pèsòn, nan yon mesaj tèks oswa nan imèl, oubyen nan yon bwochi). Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kòd aksè w la. Tape sou boutan ki pa anba ekran an pou w kontinye. 
  1. Apre w fin antre kòd aksè w la, yo ka mande w antre enfòmasyon anplis pou w konfine elijiblite w pou Wellframe Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon elijiblite yo. 
  1. Pou w enskri, w ap gen pou w antre kèk enfòmasyon kontak debaz. 
  1. Pou w kreye enfòmasyon pou konekte w la, antre adrès imèl ou epi kreye yon modpas. Modpas ou a dwe gen omwen 8 karaktè epi li dwe gen omwen yon lèt, yon chif, ak yon karaktè espesyal. Klike la a pou w jwenn plis enfòmasyon sou anrejistreman ak kijan pou w kreye yon kont. 
  1. Pou w aksepte Kontra Lisans pou Itilizatè Final Wellframe lan (Wellframe’s End User License Agreement, EULA), koche kaz la. Sou paj Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, defile desann rive anba paj la epi prese sou Aksepte & Konplete Anrejistreman an. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou EULA ak Règleman sou Konfidansyalite a, klike la a
  1. Apre sa, yo pral ba w yon ti apèsi sou kòman aplikasyon Wellframe lan fonksyone 
  1. Epi apre sa, yo pral ankouraje w pou konfime objektif sante aktyèl ou genyen yo, avèk posibilite pou w enskri nan yon pwogram swen anplis pou soutni objektif sa yo. Pou w wè plis enfòmasyon sou seksyon sa a, klike la a
  1. Epi apre sa, yo pral mande w finalize reglaj kont ou an: 

  1.   Lè w ou fin swiv tout etap ki sou ekran sa yo, yo pral ba w 2 opsyon: 

  1.  Lè w fin fè sa, ou ap prè! Ale nan atik sa a pou w jwenn plis enfòmasyon sou fonksyonalite ki gen nan aplikasyon mobil lan. 
Ekran akèy Wellframe
Welcome Screen