Skip navigation

Rapèl (Medikaman Ak Sante) 

Rapèl (Medikaman Ak Sante) 

Rapèl pou Medikaman 

Rapèl pou pran medikaman yo enpòtan pou siksè jeneral nan demach jesyon swen ou yo! Aplikasyon an ofri yon fonksyon Rapèl pou Pran Medikaman konplè ki fasil pou fè aranjman epi ki pèmèt ou menm ak Ekip Swen w lan jere medikaman w yo. 

Pou Ajoute yon Rapèl Medikaman: 
  1. Ou ka ajoute yon rapèl pou ou pran medikaman nan plizyè zòn nan aplikasyon an. 
    • Onglè Lis Verifikasyon: Peze bouton “+ Add” (ajoute) la nan kwen anwo adwat ekran an, apresa chwazi “Medication Reminder” (Rapèl pou Ou Pran Medikaman) 
    • Onglè Pwofil: Defile desann epi peze sou bouton “+ Add Medication” (Ajoute Medikaman) an sou ekran an. 
  2. Tape non medikaman an ou pral pran. Sijesyon ki koresponn ak sa w ap tape pral kòmanse parèt pou seleksyon apre ou fin antre 3 karaktè oswa plis. 
  3. Chwazi medikaman ki koresponn nan.  
    • Si ou pa wè okenn sijesyon pandan w ap tape, ou ka antre non medikaman an alamen. Pa ezite mete ladan emoji ak karaktè espesyal! Lè w fini, klike sou bouton + Ajoute pou konsève non medikaman an pou rapèl ou a. 
  4. Apre w fin ajoute non medikaman an, peze sou chan “Repeat” (Repete) a pou ou chwazi konbyen fwa rapèl ou yo ta dwe rive.  
     
    Men chwa ou genyen yo
    • Yon fwa 
    • Chak Jou 
    • Chak semèn – Si w chwazi chak semèn ou ka seleksyone ki jou nan semèn nan ou vle rapèl ou a rive. 
    • Chak Mwa, – Si w chwazi chak mwa ou ka seleksyone ki jou nan mwa a ou vle rapèl ou a rive. 
    • Jan Ou Vle l la. – opsyon sa a ap ba ou yon opsyon anplis kote ou ka chwazi kantite fwa ou vle rapèl la repete nan jou, semèn oswa mwa yo (selon chwa ou fè a).  
      • Epitou sa a pral bay yon opsyon anplis (anba “start date/end date” la), kote y ap mande w pou w chwazi jou nan semèn nan oswa dat nan mwa ou vle rapèl la fèt la. 
         
  5. Apresa, chwazi yon “start date”” (dat li kòmanse) ak “end date” (dat l ap fini) pou rapèl la.  
    • Si w te chwazi yon dat finisman, asire w bouton “Set End Date” la (defini dat finisman) aktive.  
    • Si w pa vle rapèl la fini, kite reglaj sa a sou “Never” (jamè) 
  6. Finalman, peze opsyon “Time” (lè) a pou w chwazi a ki lè ou ta renmen rapèl la rive. Remak: Peze “+ Add a time” (ajoute yon lè) pou ou fikse lè anplis pa jou si sa a nesesè (maksimòm 12 antre lè pa jou, pou chak rapèl). 
  7. Peze sou “Create” (Kreye) nan anwo adwat ekran an.
Yon foto ekran ki montre kòman pou ajoute yon rapèl medikaman
Pou modifye yon Rapèl Medikaman ki deja egziste: 
  1. Nan onglè “Profile” (pwofil) la, glise desann epi seleksyone rapèl pou ou pran medikaman ou vle modifye a (ou ka bezwen peze “Load More” (chaje plis) si w gen plis pase 5 rapèl aktif pou ou pran medikaman) 
  2. Peze sou chan ou vle modifye a (yo) si w vle modifye epi fè chanjman ou yo. 
  3. Peze “Save” (Konsève) nan anwo adwat ekran an.
Yon foto ekran ki montre kòman pou chanje yon rapèl medikaman

Remak: Nenpòt modifikasyon nan yon rapèl ap pran efè nan jou ki vin apre a – si ou pa fin ranpli rapèl jodi a, w ap toujou wè li nan lis verifikasyon ou an jodi a.

Pou siprime yon Rapèl Medikaman: 
  1. Nan onglè “Profile” (pwofil) la, defile desann epi seleksyone rapèl pou ou pran medikaman ou vle efase a (ou ka gen pou w peze “Load More” (chaje plis) si w gen plis pase 5 rapèl aktif pou ou pran medikaman). 
  2. Peze bouton “Delete” (efase) a.  

Rapèl Sante yo 

Anplis Rapèl Medikaman, ou kapab pwograme tou rapèl pou lòt aktivite ki gen rapò ak sante. Pa egzanp, ou ka mete yon rapèl pou “Drink Water” (bwè dlo), oswa “Take a Walk” “Ale Pwomennen”. 

Pou Ajoute yon Rapèl Sante: 
  1. Ou ka ajoute yon rapèl pou ou pran medikaman nan plizyè zòn nan aplikasyon an. 
    • Onglè Lis Verifikasyon: Peze bouton “+ Add” (ajoute) a nan kwen anwo adwat ekran an, apresa chwazi “Health Reminder” (Rapèl sou Sante) 
    • Onglè Pwofil: Defile desann epi peze sou opsyon “+ Add Health Reminder” (Ajoute Rapèl sou Sante) sou ekran an. 
  2. Antre “Name” (Non) rapèl ou a. 
  3. Antre yon nòt opsyonèl. W ap ka wè nòt sa a lè rapèl la louvri nan seksyon Lis Verifikasyon an, epi Ekip Swen w lan ap ka wè li tou. 
  4. Apre ou fin ajoute non Rapèl sou Sante a, peze chan “Repeat” (Repete) a pou ou chwazi konbyen fwa rapèl ou yo ta dwe fèt.  
     
    Men chwa ou genyen yo
    • Yon fwa 
    • Chak Jou 
    • Chak semèn – Si w chwazi chak semèn ou ka seleksyone ki jou nan semèn nan ou vle rapèl ou a fèt. 
    • Chak Mwa, – Si w chwazi chak mwa ou ka seleksyone ki jou nan mwa a ou vle rapèl ou a fèt. 
    • Jan Ou Vle l la. – opsyon sa a ap ba ou yon opsyon anplis kote ou ka chwazi kantite fwa ou vle rapèl la repete nan jou, semèn oswa mwa yo (selon chwa ou fè a).  
      • Epitou sa a pral bay yon opsyon anplis (anba “start date/end date” la), kote y ap mande w pou w chwazi jou nan semèn nan oswa dat nan mwa ou vle rapèl la fèt la. 
         
  5. Apresa, chwazi yon “start date” (dat li kòmanse) ak “end date” (dat l ap fini) pou rapèl la.  
    • Si w te chwazi yon dat finisman, asire w bouton “Set End Date” la (defini dat finisman) aktive.  
    • Si w pa vle rapèl la fini, kite reglaj sa a sou “Never” (jamè).  
  6. Apresa, chwazi dat li kòmanse a, lè, ak konbyen fwa ou vle wè rapèl la 
  7. Apresa, peze “Save” (Konsève). 
Yon foto ekran ki montre kòman pou ajoute yon rapèl sante
Pou Modifye yon Rapèl Sante: 
  1. Nan seksyon “Pwofil” ou a, desann meni dewoulan an epi chwazi rapèl sou sante ou vle modifye a (ou ka bezwen tape sou “Montre plis” si ou gen plis pase 5 rapèl sou sante ki aktif) 
  2. Apre sa, tape sou “Modifye” nan kwen anwo adwat la 
  3. La a, ou ka modifye non, dat, konbyen fwa, oswa lè rapèl sante w la. 
  4. Peze “Save” (Konsève).  

Remak: Nenpòt modifikasyon nan yon rapèl ap pran efè nan jou ki vin apre a – si ou pa fin ranpli rapèl jodi a, w ap toujou wè li nan lis verifikasyon ou an jodi a.

Pou efase yon Rapèl sou Sante: 
  1. Nan seksyon “Profile” (Pwofil) ou a, defile desann epi chwazi rapèl sou sante ou vle efase a (ou ka bezwen peze “Load More” (Montre Plis) si w gen plis pase 5 rapèl aktif sou sante) 
  2. Peze “Delete.” (Efase).  

Remak: Lè w efase yon rapèl, l ap pran efè nan jou ki vin apre a – si ou pa t fin ranpli rapèl jodi a, w ap toujou wè li nan lis verifikasyon w lan jodi a.

Yon foto ekran ki montre kòman pou retire yon rapèl sante