Telechaje Aplikasyon An
Telechaje Aplikasyon An
Si w te resevwa yon SMS oubyen yon imel envitasyon nan men asirans sante w la pou w telechaje aplikasyon ann:
- W ap resevwa yon lyen pèsonalize pou w klike sou li k ap mennen w dirèkteman nan App Store ki bon pou aparèy ou a pou w ka fini telechajman a
- Yon fwa ou fin enstale li, aplikasyon an ap jenere kòd aksè w la otomatikman, epi w ap ka fè enskripsyon an
REMAK: Pou itilizatè aparèy Apple yo, n ap bezwen klike sou “Allow” (Otorize) lè aplikasyon an ouvri pou n ka kopye kòd daksè a nan aplikasyon an.

Si w pa t resevwa yon SMS oubyen yon imel envitasyon nan men asirans sante w la pou w telechaje aplikasyon an:
- Ouvri navigatè entènèt la sou smatfòm ou an epi tape “www.wellframe.com/download” nan ba URL ki anwo ekran an
- Seleksyone imaj la pou Apple App Store oswa Google Play Store pou louvri paj telechajman aplikasyon an
- Yon fwa w rive sou paj app store la klike sou “Get” (Enstale) pou w telechaje aplikasyon an si w sou yon aparèy Apple, oubyen klike sou “Install” pou w enstale aplikasyon an si w sou yon aparèy Android