FAQ Règ sou enfòmasyon prive
1. Kijan nou itilize enfòmasyon ou yo?
Wellframe bezwen kèk enfòmasyon nan men w pou aplikasyon an ka mache. Pa egzanp, li kapab non ou, nimewo idantifikasyon manm ou, dat nesans ou, oswa adrès imèl ou. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou nou jere kont ou a ak pou nou verifye ke se oumenm tout bon vre.
Nou kolekte enfòmasyon sou sante w tou. Pa egzanp, nou ka mande w ki medikaman ou pran oswa ki pwoblèm sante ou genyen. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou nou fè aplikasyon an mache pou ou, tankou lè nou voye rapèl ba ou pou w pran medikaman w lan.
Ou ka fè mesaj la rive jwenn ekip swen w lan atravè Wellframe. Sa a ede ekip swen w lan reponn ak bezwen ou yo byen rapid. Nou sovgade mesaj ou yo pou oumenm oswa ekip swen w lan ka li yo apre.
Gen kèk aplikasyon ki ka pataje enfòmasyon yo. Yo rele sa entegrasyon. Ou ka chwazi kite yon aplikasyon, tankou yon aplikasyon pou siveye aktivite fizik oswa pou siveye tansyon, pataje enfòmasyon avèk Wellframe. Konsa, oumenm ak ekip swen w lan ka wè mezi yo ak done yo. Sa a pèmèt ekip swen an gen plis detay sou sante w pou yo ka ede w.
Nou sovgade enfòmasyon tou sou fason ou itilize aplikasyon an. Pa egzanp, nou siveye atik ou li yo oswa aplikasyon ou konekte nan Wellframe yo. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou nou fè aplikasyon an itil ou pi plis ak pou nou ede ekip swen w lan pi byen konprann bezwen ou genyen pou sante w.
Pafwa, nou ka mande w kisa ou panse de aplikasyon an. Ou pa oblije bay opisyon w, men li ede nou amelyore aplikasyon an. Enfòmasyon sa yo pa obligatwa pou w itilize aplikasyon an.
2. Kijan nou pataje enfòmasyon ou yo?
Pafwa, nou rekrite lòt konpayi pou ede nou nan domèn tankou maketin. Yo rele konpayi sa yo founisè tyès pati. Nou pataje sèlman enfòmasyon yo bezwen pou yo fè travay yo. Konpayi sa yo dwe dakò alekri e lalwa egzije yo pou yo pa itilize enfòmasyon ou yo pou okenn lòt bagay. Yo dwe di w tou kijan yo pral kenbe enfòmasyon w yo prive ak an sekirite anvan yo pataje yo.
Li ra anpil pou nou pataje enfòmasyon akoz lalwa. Pa egzanp, si nou resevwa yon sitasyon pou konparèt oswa yon lòd tribinal, nou dwe bay enfòmasyon yo mande a.
3. Kijan Wellframe pwoteje konfidansyalite w ak done ou yo?
Wellframe itilize oswa pataje enfòmasyon sèlman annakò ak tout lwa sou konfidansyalite ak sekirite enfòmasyon yo, tankou Lwa sou Transferabilite ak Responsabilite nan Zafè Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA) Nou itilize oswa pataje sèlman enfòmasyon minimòm ki nesesè pou Wellframe travay pou oumenm ak ekip swen w lan.
Nou egzije pou tout nouvo anplwaye pran fòmasyon lè yo kòmanse travay pou Wellframe epi chak ane apre sa. Fòmasyon sa a ede asire ke tout anplwaye konprann kijan pou yo pwoteje enfòmasyon w yo epi kenbe yo an sekirite.
Wellframe itilize gwo nivo sekirite, tankou kriptaj, pou li pwoteje enfòmasyon ou yo. Kriptaj la kode done yo pou kenbe yo an sekirite. Gen kèk enfòmasyon yo konsève nan aplikasyon an sou aparèy ou a, epi aplikasyon an gen yon modpas pou kenbe l an sekirite.
Tanpri, pa bay okenn moun non itilizatè w ak modpas ou. Dekonekte sou tout aparèy ou pataje ak lòt moun. Voye yon imèl bay [email protected] si ou panse gen yon pwoblèm sekirite ak kont ou a.
4. Kijan manm yo ka jwenn enfòmasyon nan lòt lang?
Kontni Wellframe nan disponib an Anglè, Español (Panyòl), ak Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole). Si yo pa mete lang ou bezwen an nan lis sa, tanpri kontakte plan sante w la pou konnen opsyon espesifik ou genyen konsènan jesyon swen w lan.
5. Kiyès ki esponnsò mwen?
Gen kèk kontni Wellframe ki ka pale de “esponnsò” ou. Esponnsò w la se ekip swen plan sante w la ki te envite w itilize aplikasyon an.