Skip navigation

Dwa ak Responsabilite Itilizatè yo

Wellframe vle pou moun ki itilize aplikasyon nou yo konprann kijan l fonksyone. Sa etabli konfyans ant itilizatè (manm) nou yo ak plan sante nou travay pou yo a (kliyan nou yo).

Solisyon Jesyon Nimerik Swen Wellframe lan konekte w dirèkteman ak ekip swen w lan. Nan ekip sa a, ka genyen ekspè nan swen sante ak pèsonèl sipò. Pafwa, yo pral mande w pou konplete kesyonè sou sante nan aplikasyon an. Kesyonè sa yo ede ekip swen w lan ba w sipò e sa ede w atenn objektif sante w yo. Ou ka mande Wellframe pou l sispann pataje enfòmasyon sa a, nenpòt lè. Pou konnen kijan pou fè sa, tanpri kontakte sèvis sipò a: Kontakte – Sèvis Sipò Wellframe.

Wellframe vle amelyore sante manm yo. Avèk Wellframe, ou kapab wè resous sou sante ki genyen yo e ou ka pale dirèkteman ak ekip swen w lan, ou ka fè tout sa, yon grenn kote. Sa pèmèt ekip swen w lan adrese bezwen w genyen pou sante w, byen rapid. Pou aprann plis enfòmasyon sou kijan Wellframe fonksyone, ale nan Wellframe – Jesyon Nimerik Sante (Digital Health Management)

Kontra Lisans pou Itilizatè Final (EULA) nou an bay plis detay sou jan w itilize Wellframe. Itilizasyon Wellframe se chwa pa w. Ou kapab sispann itilize l nenpòt lè. Lè w konekte nan aplikasyon an, ou kapab anile enskripsyon w oswa siprime kont ou an. Pou aprann kijan pou fè sa, ale nan Siprime Kont Ou – Sèvis Sipò Wellframe (Delete Your Account – Wellframe Support)

Se dwa manm Wellframe yo pou yo trete yo defason ekitab e avèk respè. Ou kapab rapòte pwoblèm ak aplikasyon an oswa pote plent, nan aplikasyon an, nan telefòn oswa lè w voye yon imèl. Ekip Sipò Kliyan nou an pral egzamine plent ou an epi ap kenbe w enfòme jiskaske pwoblèm nan rezoud. Pou kesyon ki prezante souvan, al gade nan seksyon Kesyon Moun Poze Souvan (FAQ). Si w bezwen asistans, tanpri ale nan Kontakte – Sèvis Sipò Wellframe. Ou kapab rele Biwo Asistans nou an tou nan (844) 452-4085 (peze 1).

Gen dèfwa ou ka wè toude, logo Wellframe lan ak logo plan sante w la nan aplikasyon an. Se pa pou fè piblisite ke yo la, e Wellframe pa resevwa peman pou pwomosyon pwodui oswa sèvis pou manm yo.

Wellframe fè patide HealthEdgeŽ, ki se yon konpayi ki ofri pwodui pou sipòte endistri swen sante a. Pwodui nou yo ede plan sante yo amelyore swen pou manm yo.

Si w gen nenpòt kesyon sou Dwa ak Responsabilite w yo antanke yon manm Wellframe, tanpri ale nan seksyon Kontakte – Sèvis Sipò Wellframe. Ou kapab rele Biwo Asistans nou an tou nan (844) 452-4085 (peze 1).