Efase Kont Ou an – Care TN
Antanke itilizatè Care TN, ki ofri pa BlueCross BlueShield of Tennessee, ou ka fè demann pou yo efase kont ou an ansanm ak tout done ki asosye avèk li yo apati de aplikasyon an dirèkteman.
Enstriksyon
- Ale nan fenèt Pwofil la (Profile) epi chwazi ikòn Paramèt (Settings) ki anlè adwat fenèt la.
- Chwazi Jere Kont.
- Chwazi Efase Kont.
- Tape mo “Delete” (efase) nan bwat tèks la, epi peze bouton Efase a.
- Youn nan manm ekip aplikasyon mobil la pral kontakte ou nan adrès imel ki te konekte ak kont aplikasyon w lan epi kòmanse pwosesis pou efase kont lan.
Kisa K ap Pase Apre sa
- Demann pou efase a ale jwenn ekip ki responsab pou fè pwosesis sa a.
- Pike se òganizasyon swen sante a oswa plan sante a ki te estoke enfòmansyon ki te sèvi pou kreye kont sa, ekip la ap konfime ak òganizasyon sa anvan li kòmanse pwosesis efase a.
- Si òganizasyon sante oswa plan sante a pa apwouve efasman an, w ap resevwa enstriksyon sou fason pou kontakte biwo pou règleman vi prive òganizasyon sa dirèkteman.
- Tan pwosesis la varye selon egzamen ki nesesè a.
Kontak
Ou gendwa kontakte ekip Sipò Teknik la dirèkteman tou lè w voye yon imel nan [email protected], oswa rele 844-452-4085, pou ou fè demann sa a.