Konekte Detektè pou Pa w yo nan Health Connect
Konekte Kontè Pa w yo nan Health Connect
Tanpri Konnen: Si ou pa genyen Google Fit enstale deja, tanpri enstale li anvan w kontinye.
Telechaje aplikasyon Health Connect la nan Google Play Store la sou aparèy Android ou a. (Note byen: aplikasyon sa a pral enstale nan aryè plan an, se sèlman atravè paramèt yo ke wap kapab gen aksè ak li).
Nan aplikasyon Wellframe ou a: (Note byen: Non aplikasyon yo kapab varye)
- Klike sou Onglè Pwofil la
- Klike sou angrenaj paramèt yo, nan kwen anlè adwat la
- Defile desann pou rive nan seksyon “Kantite Pa” a
- Aktive “Kontwole Pa yo Otomatikman”.

- Apresa, louvri paramèt telefòn ou yo.
- Klike sou Apps (Aplikasyon yo)
- Defile desann jiska “Health Connect” epi klike sou li
- Nan kwen anba agoch la, klike sou “Ouvri”
- Defile desann jiska Pèmisyon Aplikasyon epi klike sou li
- Konfime ke Wellframe ak Google Fit “Otorize” pou gen aksè.
- Si yo anba seksyon “Pa Otorize” a, eksplore toulède, Wellframe ak Google Fit an detay epi klike sou “Otorize tout” pou chak.

Si w te oblije telechaje Google Fit, konfime Google Fit ap senkwonize avèk Google Health. (Si w te deja konekte ak Google Fit, ou pa bezwen swiv etap ki pi ba yo.)
- Ouvri Google Fit.
- Tape sou Pwofil (ikòn moun nan ki nan kwen anba adwat ekran an)
- Klike sou Paramèt yo (ikòn angrenaj ki nan kwen anlè adwat la)
- Konfime ke “Senkwonize Fit ak Heath Connect” aktive.
- Si li PA aktive:
- Klike sou bouton altène a pou aktive l.
- Klike sou “Konfigire” nan kwen anba adwat la
- Klike sou “Otorize Tout” pou pèmèt Fit gen Aksè ak Health Connect
- Klike sou “Otorize” ankò nan kwen anba adwat la
- Ekran an pral make “Konekte”, klike sou fini.
Remak: Ou ka gen pou dekonekte w sou aplikasyon an epi rekonekte w ankò pou Pa yo aktyalize.
Si w bezwen èd ak etap sa yo, tanpri kontakte nou nan [email protected]