Kontwòl Sik nan San
Kontwòl Sik nan San
Manm ki gen maladi dyabèt yo ka elijib pou patisipe nan pwogram swen Dyabèt ak Byometrik Glikoz nan San Wellframe nan. Nan aplikasyon an, ou ka kontwole sik nan san ou epi jwenn aksè ak enfòmasyon sou tandans pou diskite ak ekip swen ou an pou pi byen jere nivo sik nan san ou. Si w enskri nan yon pwogram siveyans sik nan san, ou kapab tou senkwonize chak mezi sik nan san ou yo nan aplikasyon an: apati Apple Health sou iPhone, oubyen apati Google Health Connect sou Android.
Fason Pou Konekte Sou Apple Health (iPhone)
(Opsyonèl— aplikab pou itilizatè iPhone sèlman.)
- Apre ou fin enskri nan yon pwogram siveyans sik nan san, w ap resevwa yon lis pou anrejistre rezilta mezi sik nan san ou.
- Seleksyone lis sa a pou wè fenèt antre li a, kote ou ka swa tape rezilta mezi sik nan san ou manyèlman oswa chwazi opsyon Senkwonize (Sync) a.
- Si se premye fwa w ap pran yon mezi sik nan san, chwazi Senkwonize, epi yon fenèt ap parèt: Konekte Kounya.
Note sa: Si ou pa vle konekte li sou Apple Health, seleksyone Non Mèsi (No Thanks). - Apre ou fin chwazi Konekte Kounya, pwochen fenèt la ap montre opsyon Apple Health la.
- Chwazi Apple Health pou wè fenèt Aksè Sante a (Health Access).
- Nan fenèt Aksè Sante a, aktive opsyon Glikoz nan San an pou aktive senkwonizasyon done glikoz nan san yo.
- Si se premye fwa w ap pran yon mezi sik nan san, chwazi Senkwonize, epi yon fenèt ap parèt: Konekte Kounya.
- Sou pwochen atik nan lis verifikasyon sik nan yo, chwazi Senkwonize done (Sync Readings) anba espas antre done a pou montre dènye done rezilta mezi Apple Health yo, answit seleksyone yon rezilta pou li tou ranpli repons sondaj la.
Fason pou Konekte sou Google Health Connect (Android)
(Opsyonèl— aplikab pou itilizatè Android sèlman. Li mande yon vèsyon Android konpatib ki gen Google Health Connect enstale sou li.)
- Apre ou fin enskri nan yon pwogram siveyans sik nan san, w ap resevwa yon lis pou anrejistre rezilta mezi sik nan san ou.
- Seleksyone yon atik nan lis la epi fenèt pou antre done li a ap parèt. Yon bouton DONE SENKWONIZE (SYNC READINGS) ap parèt anba espas pou antre done a.
- Seleksyone SENKWONIZE DONE (SYNC READINGS). Si se premye fwa w ap senkwonize sou aparèy sa a, yon dyalòg edikasyon sou pèmisyon ap parèt anvan demann pèmisyon sistèm lan.
- Bay Health Connect pèmisyon pou li done glikoz nan san lè yo mande l.
- Apre ou fin ba li pèmisyon an, yon lis mezi glikoz nan san ki soti nan Health Connect ap parèt. Rezilta mezi pou jounen aktyèl la ap parèt anlè ansanm ak sa ki pi resan yo.
- Seleksyone yon rezilta pou li tou ranpli repons sondaj la. Yo tou anrejistre dat ak lè mezi a ak sous done yo nan enfòmasyon an.
Konsèy: Ou ka jere pèmisyon Health Connect nenpòt ki lè nan seksyon Glikoz nan San an nan paramèt aplikasyon Wellframe nan.