Skip navigation

Paramèt

Paramèt 

Meni Paramèt la nan seksyon Pwofil la epi ou ka jwenn li lè w peze senbòl reglaj la (wou dante a) ki anwo adwat ekran an. 

Meni sa a ba w aksè ak Politik sou Konfidansyalite yo epi li pèmèt ou kontwole epi pèsonalize fason ou vle aplikasyon an fonksyone.  

Kont 

  1. Imel: Adrès imel ki anrejistre sou kont ou an.
  2. Aksè Aplikasyon: Non ak Kontak founisè swen sante w la.
  3. Vèsyon Aplikasyon: Vèsyon aplikasyon ou genyen ki enstale kounye a.
  4. Jere kont lan:
    • Anile Kont: Lè w tape opsyon sa a, sa ap mennen w nan onglet Chat la epi w ap ranpli yon mesaj anvan ekip swen w la pou mande yo anile kont Jesyon Swen w lan. Ekip Swen an pral reponn pou diskite sou demann sa a avèk ou pou konfime desizyon w la.
    • Efase kont: REMAK: DEMANN SA A SE POU EFASE TOUT DONE OU NAN APLIKASYON AN. DONE YO PAP KAPAB REKOUPERE. SI OU SIMPLE SOU VLE PA PATISIPE ANSANM NAN GESTION SWEN, TANPRI KLIKE SOU OPTION KI PI wo a.

Lè w beze bouton sa a, l ap kreye yon bwat mesaj enstantane k ap mande pou w ekri “efase” nan bwat la pou konfime ke ou vle efase kont ou an epi apresa peze “efase” ankò. Sa pral voye yon imel bay ekip sipò teknik Wellframe lan, ki pral kòmanse pwosesis pou anile kont lan yon fwa yo resevwa demann lan. Si ou pa vle efase kont ou an, peze “Anile.”

NOTIFIKASYON 

  1. Notifikasyon Enstantane yo
    • Rapèl pou Lis Kontwòl: La a ou ka chwazi konbyen fwa ou ta renmen resevwa notifikasyon sou aparèy ou an pou fè w sonje aktivite ou gen pou w fè nan lis kontwòl ou a. Ou kapab dezaktive notifikasyon lis kontwòl lè w klike sou bouton “aktive” a
    • Dat Evènman Sante: Sa a ap voye yon rapèl lè ou bezwen antre yon dat, tankou “Dat livrezon” oswa “Dat Operasyon”. Remake byen paramèt sa a aplikab sèlman si w nan yon Pwogram Swen ki “Baze Sou Dat”
    • Reyalizasyon Objektif nan Pa : La a ou ka aktive ak dezaktive si ou vle oswa si ou pa vle yo avèti w lè w reyalize objektif kantite pa ou te fikse pou jounen an.
  2. Son Pou Travay Ki Fini: Aktive/dezaktive son an lè w fin ak yon travay. 

KONTÈ PA 

  1. Lis Verifikasyon pou Kontwole Kantite Pa: Suiv kantite pa ou fè apati lis verifikasyon ou an epi fikse yon objektif pou chak jou.
  2. Suiv Pa yo Otomatikman: Si opsyon sa a pa aktive, ou dwe antre pa w yo manyèlman.

GLIKOZ NAN SAN

  1. Glikomèt: Opsyon sa a ap parèt sèlman si w ap senkwonize relve sik nan san kounye a ak aplikasyon an atravè yon aparèy glikomèt. Paramèt sa a pèmèt ou konekte/dekonekte aparèy sa yo.
    • Ajoute yon Aparèy: Pèmèt ou konekte ak yon aparèy glikoz atravè Bluetooth. 
    • Si ou deja gen yon aparèy konekte, Non Aparèy la ap parèt la a.

PARAMÈT SEKIRITE

  1. Vewouyaj Ekran: Pèmèt ou aktive sekirite siplemantè pou aplikasyon an lè w mande yon PIN oswa yon ID figi.
  2. Preferans pou Itilizasyon Done:
    • Aksepte Itilizasyon Done: La a ou ka aktive ak dezaktive si w ap otorize Wellframe kolekte epi analize done pandan w ap itilize aplikasyon an 
    • Aksepte Imèl yo: La a ou ka aktive ak dezaktive si w ap otorize Wellframe voye anons ba ou nan kont adrès imel ou detanzantan konsènan mizajou ak sèvis resan yo 
    • Aksepte Rapò Done yo: La a ou ka aktive ak dezaktive si w ap otorize Wellframe mande w pou w bay fidbak detanzantan konsènan eksperyans ou ak pwodui Wellframe 

Sipò ak Fidbak

  1. Sant èd: Sa pral louvri sitwèb Sant Sipò pou Manm Wellframe nou an, kote ou ka konsilte gid yo pou w konnen chak fonksyonalite aplikasyon an
  2. Bay fidbak: Sa a lakòz yon bwat kòmantè parèt kote yo pral mande w sijere nenpòt amelyorasyon nan karakteristik yo

RÈGLEMAN AK AKÒ

  1. Règleman sou Konfidansyalite: Gade dènye Règleman sou Konfidansyalite ki genyen pou aplikasyon an.
  2. Kontra Lisans Itilizatè Final: Gade dènye Kontra Lisans Itilizatè Final la pou aplikasyon an.
  3. Sous lib: Gade dènye direktiv yo sou fason Wellframe itilize lojisyèl Sous lib pou l ka kontinye devlope ak inove eksperyans itilizatè
  4. Mansyon legal yo: Gade dènye avi legal yo ki genyen pou aplikasyon Wellframe lan

Dekonekte: Klike la a pou ou dekonekte nan aplikasyon an. Remak: Ou pa bezwen dekonekte chak jou. Aplikasyon an rete an sekirite, epi lè w dekonekte, sa a ka lakòz ou pa jwenn notifikasyon enpòtan.